Toujou gen yon je k'ap gade w'
Lè nou di toujou gen yon je k'ap gade w' : nou vle tout moun klè ke se pa de omniprezans BonDye nou pral pale. Men pito de kowensidans ki konn fè yon pawòl ou yon aksyon pran lari san nou pa rive konprann poukisa.
Yon saj te di : Mi yo gen zòrèy.. Se yon fason pou mete tout moun ki enpridan nan lavi a sou men yo nan aksyon y'ap poze. O wi ! Mi yo gen zòrèy, dezè yo, raje yo gen zòrèy... E tout sa ki pase, yon moun t'ap tande e plis ankò : yon moun t'ap gade. Eske se yon kowensidans si yon zòrèy tande oubyen yon je wè envolontèman yon bagay li pa t' dwe tande oubyen wè ?
Menm jan yon aktè sinema te di : koman lejann yo t'ap pran fòm si pa t' gen moun ki te wè e ki al rakonte ? Kòman yon koze fè pran lari si se 2 moun sèlman ki te la ?
Anpil moun viv fenomèn sa plizyè fwa nan vi yo. Anpil fim ak liv pale sou sijè a : toujou gen yon je k'ap gade w'. E menm si ou gen enpresyon moun pa wè w' : mande tèt ou si se enterè yon moun pa jwenn nan sa w' fè a ki fè l' pa pale l' ?
Pou fini, nou vle tout moun rete sou men yo, reflechi 2 fwa avan nou pale ak aji. Men, nenpòt prekosyon ou kapab pran, mete sa nan tèt nou : yon je, yon zòrèy ap tonbe sou ou san li pa t' fè eksprè.
Toujou gen yon je k'ap gade w'.
Blogè : JRP