Bourik dosil :D
Souvan, anpil nan nou pa kapab kontwole emosyon nou kidonk, reyaksyon nou konn fè yo jije n' mal - Gen moun ki konn oze di entèl se yon bourik anraje. Eske w' konnen ou kapab yon bourik dosil ?
Pou m' pale de mwen. Pa gen moun ki pi frekan pase m' e pa gen moun non plis ki pi saj ke mwen. Tout tan m'ap pran eksperyans nan lavi a, mwen fini pa konprann ke lapè koute chè. Li difisil pou w' gen yon bon zanmi, yon bon menaj ou yon bon fanmi. Men, li vreman fasil pou w' fè yon lènmi ki kapab vinn mannyàk nan lavi w' e ki ka kole fon nan gagànn ou.
Tankou 2 vwazinnn ki toujou ap pataje sa yo posede - Koumanse nan kiyè ki pi piti rive nan lajan. Yon bon jou, yonn nan yo vinn dekouvri yon fatra devan kay la e vwazinnn ki viktim nan kwè tankou bout fè ke se fanmi anfàs la ki fè sa. San reflechi, li gentan mete jipon l' sou tèt li pou l' al di betiz... Si li te pran tan reflechi, pran pòz li saj malgre yon bèt 7 kònn k'ap dòmi nan li - Ou pa panse amitye yo t'ap toujou egziste ?
Gen anpil egzanp relasyon ki kraze paske yonn te gen san l' pi anlè ke lòt la. Men a chak fwa ou wè yon briganday ta vle pete, respire ak reflechi paske yon mo ki pa nan plàs li ka kraze yon bèl istwa.
Kèk fwa, ou ta dwe pran pòz ou sòt( si w' gen lespri, sa pa yon chay). Ou dwe aprann koule pou w' leve pi wo. Aprann mouri kò w' ak dyab ki nan ou a. An gwomoso : ou dwe saj ! kidonk, pou ou sanble ak yon Bourik Dosil.