Yon blòg an kreyol ak Richardly

7 prensip pou lè w' pami moun

Tout moun konnen lavi an sosyete delika. Anpil moun konn pran gwo remak ki pa rete yo byen. Podyab, yo te ka pa gen moun pou aprann yo kèk ti prensip byen senp pou fè yon diferans nan konpòtman yo. Yon saj menm di : " Pou w' viv an sosyete, ou dwe aprann pale epi aprann fè silans".. Men lè w' pami moun, ou dwe doze prensip sa ak 7 lòt ankò.

 

images-2.jpeg

San kòmantè, men 7 prensip k'ap itil nenpòt moun ki pral kote ki gen moun...

 

1.- Aprann chita sou tab ( itilize kiyè, kouto ak fouchèt).

 

2.- Aprann abiye selon okazyon an.

 

3.- Pa manje bagay ki gen grès nan yon espàs klimatize.

 

4.- Pa manje pistach ak lòt aliman ki gen sant fò sou moun.

 

5.- Mete telefòn ou sou vibrasyon lè w' nan lekòl, legliz ak reyinyon.

 

6.-Fè silans chak fwa yon moun ap pran lapawòl nan nenpòt okazyon an( dyalòg nan fanmi, zanmi, reyinyon oubyen deba). Twòp vwa fè kakofoni.

 

7.- Lè w' chita nan yon ban, si zanmi w' lan pa chita bò kote w' : pa panche tèt ou nan vizaj moun ki a kote w' la pou w' blage ak zanmi w' lan.

 

*** Liv viv an sosyete a anpil. Prensip pap fini men mwen te seleksyone 7 ki anglobe anpil lòt ti prensip pou chak moun pa tankou yon maleng lè yo nan sosyete.

 

Blogè : JRP



17/01/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi