Yon blòg an kreyol ak Richardly

Nenpòt fason an : Ou akonpli destine w'

Anpil moun konn poze kesyon sou misyon yo gen sou latè. Eske yo fè sa yo te vinn fè a ? Eske yo pa pèdi ? Eske sa y'ap fè nan moman an reflete sa desten yo te rezève pou yo a ? E sa ki pi tris la : gen moun ki ap mouri ki panse yo pa fè sa yo te vinn fè a. Yo tout gen tò. Poukisa ?

images-5.jpeg

Misyon chak moun pa menm. Nenpòt jan vi a vire pou ou : se leson w'ap aprann. Kòman ou konprann milyonè konn fini pa konprann ke vi a pa rezime ak lajan ? Li aprann leson li... E kòman ou konprann ke yon malere ap mouri san li pa goute yon ti vanite nan lavi a ? Li aprann leson l'.

 

E se menm jan pou nenpòt moun misyon yo pa menm jan ak antouraj yo. Souvan lanmò yon ti bebe, yon jenn oubyen yon granmoun, non sèlman se yon leson pou yo menm ki mò : se yon leson pou antouraj yo petèt pou fè yo reflechi sou sans lavi.

 

Pa gen moun ki fè erè. Se leson lavi. Tankou yon jenn ki fò nan chimi e ki ta dwe agwonòm ki swiv kouran e ki enskri nan fakilte dwa. Menm si se pi devan li pral wè l' twonpe : li aprann yon leson kanmenm.

 

Se pou sa anyen pa fè m' twò sezi ankò : nenpòt jan an, nivo lajan w' ak edikasyon, menm si w' sòti nan bafon pou w' ap chèche pete plafon, menm si w' fèt rich epi w'ap mouri nan mizè, nenpòt domèn w'ap evolye ak nenpòt nivo moralite w' : ou aprann leson w'. Ou akonpli destine w'. San bliye lòt moun nan antouraj ou ki afekte e ki aprann ak misyon ou sou latè. 

 

Ou akonpli destine w' !

 

Blogè : JRP



01/02/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi