Yon blòg an kreyol ak Richardly

Fanm ayisyènn : Pretansyon malerèz

Nan fwaye ann Ayiti, yo toujou di depi yon mari fidèl- Ou ta dwe mennen ankèt pou w' konnen si li pa nan graje kawòt osinon si madanm li pa mare l' ak kat pantalèt nan chak pye kabann.

 

***Sijè sa vreman sansib e mwen menm pè pale sou li. Poutan, se yon gwo reyalite nan sosyete isit kidonk, ann Ayiti.

femme-en-colere_21161656.jpg

Gen moun osinon gen fanm ki ankouraje chame mari yo ak tout vye resèt ki egziste akoz enfliyans. Swa se manman l', matant li, yon sè osinon yon zanmi kolokent ki ankouraje l' bay nèg la bwè ji li prepare ak dlo ( twalèt) li. Daprè yo, se pi bon fason pou fè nèg la pa wè lòt fanm deyò- sa se yon krim kont yon kretyen vivan ki ta dwe jwi tout privilèj 5 sans li ke lavi fè l' kado.

 

Dosye sa pa monte tab ann Ayiti. Tout moun pale de sa an ba chal. Mwen sonje istwa Ti Jowèl ki te manje yon bouda pye bwa tankou se yon milèt lè vant fè mal sa pran sakaje la bil li. Moun ki konnen te di se yon chàm madanm li bay nan yon ji paske msye te kòmanse gen lajan e manzè Ti Jowèl pa te vle pou mari l' al okipe fanm deyò.

Te menm gen yon malere ki te pèdi vi l' ak yon move resèt yon bòkò te bay madanm nan. Yo di fi sa te kite zòn nan apre paran nèg la t'al fè limyè sou lanmò pitit yo. ( kreyòl pale, kreyòl konprann).

 

Avan tou, yon fanm ki ta fou sèlman ki ka oze panse li ka satisfè yon gason nan tout sans. Sa enposib e mwen bat bravo lakontantman pou tout peyi ki ankouraje poligami.



08/01/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi