Tanperaman : Aprann viv ak moun
Aprann viv ak moun oubyen aprann adapte w' ak nenpòt tanperaman
Mwen sonje yon zanmi te di : yo mèt lage l' nan mitan dyab l'ap viv. Sa te fè m' reflechi. Mwen fini pa konprann ke msye entèlijan. Se yon moun ki gen lè konn fè konpwomi ki se yon kalite ke tout moun ki konn sa yo vle nan lavi e ki sansib pou relasyon yo ta dwe aplike : sitou nan relasyon moun ak moun.
Lè n' di aprann viv ak moun : se pa nan sans pou ou aksepte nenpòt derespektan. Men pito , pou ou aprann konnen lè pou ou reyaji fàs ak yon aksyon yon kanmarad fè pou blese w' e sitou ki lè pou w' aprann fèmen bouch ou. E se nan menm sans sa ke konpwomi antre nan jwèt la tou. Se pa lè w' montre ou gen san anlè ke ou ka jwenn respè men se lè ènmi an oubyen nenpòt moun ki eseye teste san fwa w' menm envolontèman wè ou reyaji yon fason ki vekse l'.
***Yon tanperaman diferan pou chak kretyen vivan
Yonn nan ti prensip pou yon bon relasyon : se aprann konnen tanperaman moun w'ap fonksyone a. Paske souvan, yon moun konn gen yon reyaksyon oubyen yon tanperaman ki ka fè w' fache san pou otan se pwoblèm li gen avè w'. Pa egzanp, li te ka pase yon move jounen. E se lè w' entèprete l' nan fason pa w', ou rive dramatize yon bagay ki pa t' mande tout sa. Lè sa ou kreye yon konfli ki konn deranje yon bon relasyon.
An rezime, nou dwe konnen chak moun gen pwòp tanperaman yo. Se lè w' vinn konnen tanperaman moun ki anfàs ou a w'ap rive antann ou ak pwochen w' san ou pa oblije nan fache oubyen kreye konfli pou anyen.
Blogè : JRP