Premye lekòl : dènye nan lavi
Pou tout elèv lekòl, entèlijan oubyen kreten ( ki pa egziste vre) , lavi a kòmanse apre lekòl. Konbyen nan nou ki pral adapte nou vre ak reyalite sosyete a pou li viv? Eske lekòl pa fayi a misyon l' ? Eske lekòl gen yon travay li bliye fè ?
***avan ou kontinye li atik sa, ou dwe konnen ke mwen pa jeneralize ka sa : zafè elèv k'ap fè bèl mwayèn. Epi 15 zan apre, sitiyasyon lavi l' pa reflete sa entèlijans li te ka fè l' espere.
Anpil nèg fò konn pa reyisi ekonomikman. Epi se nèg ki konn dènye a k'ap woule bèl machinn e konn jwenn travay ki pi byen peye oubyen ki vinn pi gwo antreprenè ki gen nan kanton an. Lè m' chèche konprann fleyo sa k'ap travèse sitou sosyete peyi Dayiti a mwen vinn wè kote pwoblèm sa sòti. [E kote ki gen pwoblèm, solisyon an dèyè pye pou pye.]
Poukisa anpil nèg entèlijan pa konn reyisi ekonomikman ?
Ebyen, se paske se sèl lekòl la yo te genyen. Fanmi yo (te) ka pòv, yo te ka pa gen moun enfliyan nan antouraj yo pou oryante yo nan sosyete a. E mank ankadreman leta peyi a pou ankadre sèvo sa yo : yo lage yo sou beton an swa nan fè komès( e li konn fasil pou yo fè fayit) oubyen li lage l' nan fè kou. Sa toujou rive : menm si li jwenn yon travay ki byen peye li ka mouri men li pap janm patwon paske biznis pa vle l' vre. E yonn nan pi gwo defo yon nèg konsa se : konplèks. Li pap vle fè nenpòt bagay li jije ki raz...
E pou kreten an k'ap byen viv la menm ?
Se envès tout sa m' sot di a pou sa ki entèlijan an. Fanmi l' gen lè te gen mwayen ak kontak sitou ( fòk ou gen parenn isit pou w' viv)... Fanmi l' te swa enfliyan e mete bwa nan gran chimen pou fè la wout pou li. Sa vinn koz li devlope rezo pa l' pou li toujou ap brase.
Men...
Zafè povrete ou kontak la pa finn kenbe vre. Paske yon kreten konn pòv epi sa vinn fè li kòmanse eksperimante lavi bonè pou li viv. Sa vinn fè l' devlope yon konesans natirèl ke eksperyans vinn bay pou mete baz pou li reyisi : anpil nan yo konn vinn antreprenè paske koze " kantamwa kijesui " pa finn fèt pou yo.
M'ap fè yon pwopozisyon :
Lekòl dwe aprann elèv yo lòt bagay tankou lidèchip, antreprenarya, jesyon lajan olye y'ap aprann timoun yo yon depo rasinn kare. E w'ap mouri : ou p'ap janm wè kote yon" tirons x" sove w' nan yon sitiyasyon nan lavi a.
***Se pa pou preche medyokrite mwen ekri tèks sa men li bon pou n' te fè yon ti kout pwojektè sou enzolit sa.
A découvrir aussi
- Bourik dosil :D
- 7 prensip pou lè w' pami moun
- Richardly nan Radyo Siyal ak Gadomi : n'ap jwe nan gran lakou