Richardly nan Radyo Siyal ak Gadomi : n'ap jwe nan gran lakou
Tan an te mare lapli. Sèl sa mwen te pè : se pou m' pa t' an reta. Mwen benyen bò 11 zè edmi. Mwen m
anje sa ti frè m' Jiji te prepare pou nou paske ti sè m' Liline te legliz. Mwen rive nan stasyon Petyon Vil la bò midi 53 konsa.
Lè m' rive nan Radyo a, sekirite a fè m' konnen mwen rive twò bonè paske emisyon an ap kòmanse bò 2 zè. Mwen te pwofite al achte yon bidon dlo nan yon makèt ki te tou pre a pou m' ka boule lè a. Lè li vinn inè edmi, mwen te tounen nan Radyo Siyal, mwen te pwofite chaje telefòn mwen nan sal datant lan. Mwen te tou pwofite bay kèk blag ak sekirite a.
Lè 2 zè vinn sonnen, animatè an chèf la te fè Ton Sèj ki se metè ann ond lan rele m' pou m' pran plàs nan estidyo a. Mwen pa t' atann ke dezyèm animatè ki se yon bèl jenn grimèl, je chat te pral fè m' pi timid ke jan m' ye a. Li rele Amy.
Lè ribrik envite a te pral anonse, mwen rale yon gwo souf pou m' fè fàs ak reponn animatè yo. E seri kesyon yo te byen pase depi nan kesyonè Francky ki se animatè an chèf la te prepare pou nou ak lòt enfòmasyon sou powèm mwen yo. Mwen te sitou santi m' flate lè animatè a te di òtograf kreyòl mwen vrèman ekselan paske se nan inivèsite li te aprann ti trik trankou apostwòf elatriye.
Gràs ak eksperyans sa ,mèt emisyon ak tout estàf emisyon deside ke se pa dènye fwa m'ap patisipe nan emisyon an men tou y'ap travay pou pibliye rekèy powèm mwen an ki te disponib nan vèzyon elektronik sèlman nan fòma tradisyonèl la kidonk sou papye. E Francky te di pou fini : " kounya w'ap jwe nan lakou granmoun. Se BonDye pou ou dwe di mèsi pou opòtinite sa"..
Se yon jou mwen t'ap tann. E mwen goumen anpil pou jou sa te rive. Ak plizyè gran kabarè ki pral òganize ak plizyè gran pèsonalite, emisyon an pwomèt mwen ke mwen ap patisipe nan tout pou mwen vann tèt mwen nan gwo opòtinite sa.
M'ap di mèsi ak " Vive le Club" oubyen #Gadomi , m'ap di mèsi a estàf #Spcways la e sitou #RadioSignal 90.5 FM pou opòtinite y'ap kontinye ofri jenn k'ap fè travay pozitif sa yo nan kominote a.
Blogè : JRP