La sosyete.- Je chèch tout moun fè yo byen
Si w' pa konnen la sosyete, komanse li atik sa depi nan tèt jis nan bout. Ou pral fè yon lide...
Tout kote ki gen moun ladann, sitou yon ti vil lajè yon bouchon kola - tout moun preske konnen tout moun.
Ipokrizi pèmèt nou adapte nou ; yon ti pwovèb menm di : " ipokrizi tout moun fè yo byen". Kidonk, je wè bouch fèmen. Men je wè bouch fèmen sa pa anpeche kèk ti pawòl tonbe nan baz non ! E kòman mwen t'ap ka rakonte w' tout sa yo ti mal ?
" Ipokrizi tout moun fè yo byen"
Ti Pyè konnen byen ke vwazen l' se machann dwòg. Li byen konnen tou, biznis l'ap fè a se pou blanchi lajan l'.
Madan Pòl menm, si ou wè li pran pòz byennerèz li; se yon mòn l'ap monte ak mesye Pòl nan fwaye l'. Abòdjò a pap neglije sèvi l' kèk souflèt nan bò machwè gòch manzè pou nenpòt ti krik ti krak tankou yon veso ki mal lave, yon dra ki sal, manje a ki pa kwit a lè oubyen nenpòt ti radiyès pèmèt ke madan Pòl ta fè nan kay manman l' te mouri kite pou li a.
Lè nou diw tout moun konnen tout moun nan, se yon verite ki chita ak tout lajè dèyè l' sou chèz madan Selidò.
Tout moun konnen kiyès ki vòlò, kiyès k'ap detounen lajan, direktè kap bay jenn fanm mwayèn pou ateri nan jipon yo. Yo menm konnen gran palto nan palman ki pa fè brevè. Genyen zòt k'ap menm di w' ke madan Jozèf mare mari l' ak twa pantalèt nan chak pye kabann li swadizan pou l' pa twonpe l' ak lòt fi. Yo ka oze di w' ki fanm ki vole lougawou, ki Lwi Jan Boje ki fè ti Sonson tounen zonbi nan bitasyon. Dèfwa, si w' pa ta kwè nan pawòl devan dèyè y'ap ba w' ; genyen k'ap chèche tout kalte pwèv swadizan yo se pi gwo lang long nan zòn nan. Se menm yon konpetisyon pami peyizan yo pou wè kiyès ki konnen plis koze.
Ann kite kantik pran pawòl. Eske nou konnen yon fwa, yo fè bri kouri sou pitit Antwàn nan ? Li tèlman bèl, li gen yon cheve ou pa ta di se yon ke chwal, zye lalinn, po zoranj mi. An gwo, se te yon aktris endyèn tèlman li atire gason kanson, gason pay de fè e menm gason ki pi raz nan kanton an. Yon gwoup fanm ki jalouz, mache rakonte ke Jowàna pran sida. Epoutan... Manman tifi a di, li pap sèmante men Jowàna toujou vyèj a 25 kan daj. E nan menm kanton sa, mwen gen yon bon zanmi m' ki rele Awòl. Msye menm rakonte m' ke chak swa madan entèl tounen chat pou vinn lonmen non l' dèyè kay la... M' sezi !
Nan la sosyete jounen jodi, se mache sou trèz pou w' pa pile katòz, chak yon pa ou fè devan fòk ou ta dwe fè nenpòt twa pa annaryè. Paske pèsonn pap ezite jije w' depi yo jwenn menm yon ti tou ki pi piti ke yon je zegwi nan lavi w'.
*** tèks sa angaje blòg la sèlman. Nou ekri ak tout konsyans ke anpil moun pral pran l' pèsonèl.