Yon blòg an kreyol ak Richardly

Kase chenn nan mantalite

Yon moun ka gen chenn nan pye, chenn nan kou ak chenn nan men : sa pa yon gwo pwoblèm paske kapasite mantal li kapab ede l' kase chenn ki anpeche l' lib la. Men lè se mantalite yon moun ki anchene, sa koz lespri l' fòmate pou li adopte yon mantalite ki koz li an reta nan sa l' vle pou tèt pa l' oubyen vizyon li genyen pou tèt pa l', fanmi pa l' ak kominote l'ap viv la. Sa vinn louvri pòt pou entolerans ak tout ti mès vinn devlope kay yon moun konsa.

images.jpeg

Nan peyi nou Ayiti, kòmanse nan kouch ki pi raz la monte pran gran chabrak yo, nou santi ke yon dekolonizasyon mantal nesesè pou debloke Ayiti jan " Ti Pè " a renmen di. Koze chenn nan mantalite sa tankou yon enfeksyon viral ki ap gaye nan kò yon moun e si yo pa gentan koupe manm enfekte sa: non sèlman li bloke moun nan, li vinn kontamine lòt moun ki nan antouraj li.

 

Yon pèp ki anchene mantalman pa kapab panse chanjman. Menm si li ta oze, l'ap jwenn mil rezon ki fè l' panse ke se yon lave men siye a tè. Li aprann panse pou tèt pa l' sèlman. Li fasil enfliyanse ak kilti lòt pèp e sa ki pi rèd la : li konn rive akiltire paske li pa genyen yon idantite. Yon moun ki anchene mantalman vinn devlope yon entolerans tèt chat kote li panse pa l' pi bon - relijyon l' pi bon. Jan l'ap viv pi bon. Li pa dakò pou moun jije jan l' wè monn nan. Li fasil mete etikèt sou yon moun ki gen tatwaj oubyen yon moun ki omoseksyèl elatriye.

 

Pwoblèm chenn nan mantalite sa, non sèlman li se yon maleng pou moun ki konsa li vinn lakòz soudevlòpman tout yon nasyon. Sa tèlman ale lwen ke menm yon pwofesyonèl k'ap byen viv ann Ayiti konn al chwazi rete nan peyi Etazini. Li panse ke lavi l' t'ap chanje. Blan t'ap valide konesans li. Malerezman, se nan ti lave veso a mon konpè tonbe, lave machinn oubyen benyen chen. Sa konn koz nèg la fristre lè l' sonje jan li te respekte nan peyi l'. 

 

Gen anpil egzanp anchennman mantal tankou enkapasite nou pou reyaji nan yon moul ki fòmate nou pou itilize nou pi byen tankou enfliyans televizyon, jounal ak radyo men n'ap kanpe la. Men sa ki enpòtan, pèp la bezwen yon lòt edikasyon ak plis konesans kidonk : yon dekolonizasyon mantal. Men desizyon chanjman sa depann de moun nan nan li menm malgre efò yon moun plizoumwen konsyan ta vle fè avèk li.



03/02/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi