Istwa Jakòb : Yon chofè taksi nan NouYòk
Sa fè plis ke 15 zan Jakòb nan Nouyòk. Manman l' te antre l' laba lè msye te gen 20 tan. Istwa brasè sa tris e komik a lafwa.
Jakòb fè tout ti djòb pou l' te viv byen ak jwenn lajan pou voye bay ti fanmi ann Ayiti. Kòmanse nan lave veso,netwaye machinn,pentire kay moun epi tonbe nan fè taksi san bliye lòt ti travay mon konpè fè sou kote pou li peye bil li.Chak grenn dola li voye isit bouche gwo tou lakay ti kouzen l' yo. Men pou sa l'ap pase nan Nouyòk, yon kreyon ap fini, istwa l'poko t'ap fini.
Lè lavi te kòmanse souri pou li tout bon vre, li kite kay manman l' lan. Li al lwe yon ti apatman tou pre yon zòn yo rele"Manathan". Apre kèk tan vinn pase,li santi li pa ka viv pou kò l'. Yo tèlman pale l' mal de fanm etazini, li prefere antre Ayiti al chèche yon madanm. Kidonk, yon fi ki pa konnen reyalite peyi lòtbò, k'ap ka prepare ti manje l' a lè - yon mannyè pou li ekonomize ak Mak Donal kap plede manje lajan l' e ki rann li pa finn an sante. An gwo, gen lè Jakòb t'ap plis chèche yon sèvant ke yon madanm paske fanm alèkile p'ap foubi 2 moso rad pou gason tout tan men yo gen maniki.
Maryaj gentan finn òganize, rezidans aplike. Madanm, san pran tan al rale lòt lè Manathan. Premye ane yo te pase byen. Jakòb pa t' regrèt chwa Jozefinn kòm madanm. Tout ti travay li fèt a tan : manje, lesiv, repasay, netwayay ak tout sa yon fi kapab fè nan yon fwaye. Kay la te chanje.
Jozefinn finn chita nan Nouyòk, li gentan t'ap travay e li fè bon de twa zanmi... E se lè sa traka Jakòb te kòmanse nan Nouyòk.
Madanm msye te vinn pran abitid sòti chak fen semèn ak manzè Natacha ki se yon boul dife ki pran azil nan Nouyòk paske li fè twòp nan Miyami. Sa vinn koz Jozefinn vinn ap devlope kèk mannyè ki te deranje mari l' Jakòb. Monkonpè vinn ap siveye nan kisa madanm li tranpe ak dekole yo bay pou Natacha.
Natacha vinn tèlman zanmi madan Jakòb - Li menm konnen tout papye byen Jakòb fè isit ak nan peyi Dayiti fèt sou non Jozefinn. E se depi jou sa istwa a vinn pran yon lòt viraj nan men ti inosan yo bay pou Jakòb la.
Mwen pa konnen kouman, men pwòp madanm Jakòb li sòti avèk li nan tou fon andeyò : kòm rekonesans taye yon rad maltaye sou Jakòb swadizan msye vyole zanmi l' Natacha pandan l' te vinn wè l'. E tout gason konnen jan fanm frajil laba. Lamenm polis debake pou fouke Jakòb.
Yo di Jozefinn te voye papye divòs la bay Jakòb siyen pandan msye te nan prizon. Gen moun ki menm di, souvan yo wè Natacha ap antre nan kay la sitou nan fen semèn yo. Yon mazizwèl te menm pèmèt li di 2 medam sa yo frekante baz zanmi l' yo de tanzantan...