Rezon ki fè Jàsminn ap pwostitisye
Anlè Petyon Vil, te gen yon fanmi ki t'ap leve yon sèl pitit fi. Tankou anpil vwazen nan zòn nan, ti kò yo te bon. Pitit fi sa te jwenn tout sa l' te vle nan yon bat je. Li rele Jàsminn. Yon bèl ti milatrès, po kafe ak lèt, cheve swa, tay elanse ak tout detay ki ka fè yon moun di yon fi bèl.
Lè Jàsminn te finn fè klàs segondè li, yo te voye l' etidye medsinn nan NòtreDam. Nan ale nan ti fèt zanmi l' ap òganize, li vinn rankontre Jozèf ki se yon etidyan nan fakilte dwa leta a. Men afè paran msye pa t' twò bon pase sa. Tout zanmi msye panse se nivo edikasyon ti Jozèf ki te plis atire manzè Jàsmin. Renmen vinn mete pye. E se toujou lakay yon zanmi yo rankontre paske pyès kay kote jennonm nan te abite a pa te reprezantab pase sa nan geto kafou kote l' ap viv la. Apre 2 zan renmen , ti pijon yo bay pou Jàsminn nan te di li lè li tan pou menaj li Jozèf rekonèt paran li.E se lè sa relasyon an pral vire nan men mesye dam yo.
Apre dine Jozèf te genyen an tèt a tèt ak fanmi Jàsminn, paran l' oubyen papa l' pou plis presizyon te deside mennen ankèt sou mesye a. Yo vinn konnen ke ti jennonm nan se nèg Plato Santral, paran l' se machann chabon nan gran mache a e papa l' se kiltivatè. Kidonk, afè yo pa bon menm. Papa Jàsminn te deside pou li mete yon fen nan istwa sa. Paske li pa t' janm imajine yon fanmi konsa antre nan ràs li.
Tout presyon papa a bay Jàsminn pou kite menaj li : anyen pa t' mache. Si se pa t' manman demwazèl la, papa l' temanke voye tifi a rete Etazini kay yon sè l'. Papa a te deside pase nan yon mwayen ki pi senp : tiye Jozèf.
Yon apre midi, pandan aspiran avoka a t'ap sòti lekòl, de nèg kanpe bò kote l' sou yon ti vwati. La menm yo mete la pàt sou msye. Yo chaje l' nan machinn lan. Tout moun ki t'ap gade pa t' fè anyen pou anpeche sa paske zafè moun pa enterese pèsonn nan vil sa.
Jounen jodi, pèsonn pa janm tande pale de Jozèf. Genyen ki di se mouri l' mouri. Yon etidyan parèy li te wè lè 2 nèg nan ti vwati a te pran l' lan. Kidonk, se dènye moun ki te wè Jozef.
Lè Jàsminn santi sa ki ap pase a, li te deside kite kay la yon bon maten san di yon mo. Pyès moun e menm manman l' ki se bon zanmi l' pa t' konnen kote sèl grenn pitit fiy li an ale. Jiskaske yon mesye nan zòn nan fè konnen yo wè l' nan zòn Wanament ki se yon ti vil sou fwontyè Ayiti ak Dominikani an ap pwostitiye tèt li nan yonn nan bidjonèl nan zòn nan swadizan l'ap fè papa l' peye.
Blogè : JRP