Tenten pou tenten, tenten pou anyen
Nan zafè relasyon moun ak moun e sitou nan zafè fanm ak gason toujou gen ti chire pit. Anpil moun menm twouve sa nòmal. Daprè yo, apre ti fache relasyon an vinn pi bèl. Men se pa vre...
Majorite moun pa ka kontwole emosyon yo lè yo fache. Si gason an ap pase fi a kèk souflèt, fanm nan menm se savonnen l'ap savonnen yon gason ak dyòl li.
Depi 2 moun fè ti fache, yo panse tout bagay fini. Madanm tèlman ouvri kè l' pou vwazinay ( ki renmen zen), ke tout moun gentan konnen nonm li soufri maladi tonbe, li nan dwòg oubyen kidnapinn, oubyen yo pa kouche nan menm kabann. E nèg pou tèt pa l' gentan ap sèmante ke tout bagay fini, fi sa pa bezwen konte sou li e msye menm fè tout jennjan nan zònn nan konnen ke madanm li se pye lejè. Tout matcho ka atake.
Lè moun yo rekonsilye, pa p' janm gen menm antouzyàs la vre. Yon fi pap janm dijere yon gason ki ap pale l' mal an piblik e se menm jan pou yon gason. E si w' pa gen yon nivo konsyans ki evolye pou w' ta pase plim wouj anba ti mezantant sa yo, sa ka rive yon bon jou ou kite patnè w' la san li pa konn poukisa. Se tèlman sa li di ak bouch li manje tout ti nannan nan kè w'.
M'ap fè ti voye pye pi lwen :
Lè ou gen yon moun nan vi w', kite l' respire. Pa veye l'. Pa anpeche li al' travay pou li entegre l' nan sosyete a swadizan patwon an pral donte l'. Gen moun ki anpeche lòt wè ansyen menaj yo swadizan lòbèy ka fèt. Wi, lòbèy ap fèt menm. Paske avan ou menm, moun nan te genyen vi l' deja e ou pap konnen ki efè ansyen moun nan te fè nan vi l'. Kidonk lasosyete, lè w' gen yon moun nan vi w' : ou dwe aksepte l' ak tout jan li ye. Defo li , pase li, doulè li sibi santimantalman deja e menm si ti pye l' ta lejè, ou ta dwe aksepte sa tou. Epi tou, kiyès ou ye pou ou ta gen yon moun pou kò w' ?
Ann tounen nan sijè a :
Lè w' fache, se pa monn nan k'ap kraze. Menm si nou pa ka kontwole emosyon n', mete nan tèt nou ke rekonsilyasyon pa lwen pou nou pa regrèt ti pawòl piman bouk youn te ka di sou lòt.
@richardlyayiti
Jean-Richardly Pierre
An kreyol / facebook
-------Whatsapp
Retour aux articles de la catégorie Atik sou tout kalte sijè -