Fanm ak pwovèb
Konvèsasyon m' ak yon granmoun bò lakay
Men kèk pwovèb ki te vini nan yon konvèsasyon mwen te gen ak yon granmoun bò lakay. Nou t'ap pale de fanm ki panse yo se rènn, ki panse bote etènèl, fanm k'ap fè je chèch elatriye. Granmoun nan te konvenk mwen. Men kèk pwovèb ke mwen te oblije note sou yon paj WhatsApp pèsonèl pou m' te pataje ak nou.
1.- Byen sele pa enpoze koupyè kase
Ou pa janm asire vre. Koupyè se sa ki pase anba bourik la lè yo finn sele l'. Pwovèb sa dapre geanmoun nan vle di : Yon ti van ka pote w' ale. Yon kout jilèt kapab voye sèvolan w' al' tonbe lwen.
2.-Si bèf te konn valè l', se pa yon kòd 10 goud li ta kite mennen l'.
Anpil fanm pa konn valè yo depi sou figi nèg y'ap frekante yo.
3.- Si krapo te bon vyann, se pa anba zago bourik li ta mouri
Dapre granmoun nan, li di si fanm sa te bon se pa mwen ki t'ap jwenn li.
4.- Lè kabwèt la kole y'ap konn non bèf la.
Fanm k'ap rale, di yo pa gen mennaj. Jou 6 mare nan men yo, w'ap tande koze.
5.-Pa gen chelènn ki pa grizon.
Fanm tankou se mab. Yon kout tèk ap grizonnen l' yon jou kanmenm.
6.- Fanm se mango mi ou pa janm konnen kilè l'ap tonbe.
Blogè : JRP
A découvrir aussi
- Non jeran blòg la
- Richardly nan Radyo Siyal ak Gadomi : n'ap jwe nan gran lakou
- Kase chenn nan mantalite