Yon blòg an kreyol ak Richardly

Senden sou rezo sosyal yo

Sou rezo sosyal yo chaje moun. Men gen de modèl moun : Premye a se moun òdinè yo ki gen yon kont pèsonèl . Kidonk, yo gen zanmi yo triye pou fè pati de lis yo. Dezyèm nan se yon moun sosyete a plizoumwen gen yon je sou li. Swa li se politisyen, mizisyen, jounalis elatriye. Pou sa, li kreye yon paj piblik. Men eske w' konnen gen gwo diferans nan 2 modèl moun sa yo ?

IMG-20141212-WA0020.jpg

Si m'ap pran dezyèm moun nan ki se yon pèsonay piblik. Tout sa li ekri, soti nan yon senp fraz pou rive nan yon tèks yon paj p'ap gen menm efè ak yon moun òdinè. Ou pral sezi lè m' di w' ke pawòl li yo san efè konpare ak yon moun òdinè. Si li se politisyen oswa yon jounalis, menm moun ki anfàs li p'ap twò choke pase sa. Y'ap menm panse se travay li ki pèmèt li pale konsa swadizan se enspirasyon l'ap chèche. Kouman sa ye pou yon moun òdinè ?

 

Ebyen, yon moun òdinè pi frajil ke li panse. Li dwe mete nan tèt li ke l' pa kapab pale lib e libè. Kòm li gen anpil zanmi, li ta dwe vire lang pwès li a omwen dis fwa avan li ta panse ekri oubyen pataje yon bagay kèlkonk. Se yon fason pou m' fè w' konprann ke yon sendenden ka pran sa w' di a pou li swadizan se sèl li menm ou genyen nan lis zanmi w'. M'ap ba w' kèk ti egzanp : 

 

Si w'ap pale de machinn. Sa ka rive ou di ke si se pa kado y'ap fè w' kado yon machinn,ou p'ap mete nenpòt bogi anba dèyè w'. La menm yon nèg pral panse se jalou w'ap fè pou yon ti bobota vwati Honda modèl 95 yon fanmi achte pou 500 dola nan garaj miyami san li pa fè lide konbyen zanmi w' ki gen yon Hummer, yon dodge,yon 4runner,yon Chevrolet resan. An gwo yon machinn ki koute chè.

 

Yon lòt egzanp !

Ou ka ap fè analiz sou lavi dyaspora k'ap viv yon lanfè nan paradi Etazini oubyen yon peyi ki ofri opòtinite. Peyi kote ou pa bezwen pèdi tan lekòl pou ou pran sant yon biyè 100 dola. La menm, mon konpè ka panse w' egri swadizan ou rayi l' paske l'ap monte desann san li pa fè yon lide konbyen moun nan lis zanmi w' k'ap byen viv ann Angletè, Almay, Etazini oubyen la ann Ayiti (k'ap BYEN viv.) Li panse yon moun ki plizoumwen wè pi lwen ke nen li ka ap jalouze moun k'ap antre nan chodyè pou foubi.

 

Se yon fason pou m' di nou ke anpil Ayisyen chita sou tande yo ak bon konprann yo. Tout refleksyon yo san fondman, yo swiv emosyon yo kidonk tout ajisman yo se opremye degre. Se moun ti lespri ki podyab pa konprann lavi...

 

Anpil sdd gentan ap panse sa ki pa sa. Avan w' ta joure ou ta dwe pran 2 jou medite w'ap wè tèks sa pa sible pèsonn direkteman.

 

E se nan objèktif pou pa kwaze modèl moun sa yo ki fè m' kreye yon blòg pou m'sa pale lib e libè.

 

 

Kite m' ri ! Sa bèl lè w' ka di sa w' panse. Sa montre ou pa konn manje nan bòl kraze pèsonn.



26/02/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi