Tèt grenn
Zansèt nou se endijèn
Nèg fèy
Nèg ki rèspekte solèy
Nèg youn se kont
Nèg ki konn chaje tout kalte mouchwa nan makouti yo
Nèg kap disparèt solèy la alorizon ak yon senp vèvè
Nèg ki pa pè gade lènmi drèt nan je
Se sèl nèg 21 kout kanno pa fè pè
Se nèg lè bajou kase k'ap pran zèl pou al sakle latè
Yon bann nèg devwe
Yon bann nèg ki pa wont leve kan yo tonbe
Nèg k'ap pèsiste toutotan fyèl yo pa pete Se nèg diyite yo se sèl chante yo
Se nèg ki priye nan limyè
Ki kriye nan fè nwè
Ki chante jou doulè
Se sèl nèg si w' derespekte a 3zè k'ap fè siy de lakwa sou ou a katrè
Yo rele nou nèg ginen
Eritaj nou se lanmou
Se lafwa
Se pwofesi
Nou se nèg kitanogo
Nèg ki gen rasinn okongo
Nèg jou fèy la tonbe nan dlo se pa jou sa li pouri Nèg ki pa pè pésonn
Nèg ki pa kouri sou moun
E ki respekte toutmoun
Blogè : JRP