Yon blòg an kreyol ak Richardly

Ou pa ta dwe pè

Ou pa ta dwe pè !

 

Si yon jou

Ou wè tèt kana ta monte tab

Pòt Jerizalèm ta fèmen

E menm si libète w' ta menase

 

Si yon jou

Ou ta reveye san bab

Antouraj ou pa ta kwè nan

renmen

E menm si sikonstans ta oblije w' ekszile

 

Ou pa ta dwe pè ! 

 

Si yon jou

Kè w' ta vinn bat pi fò

Lanmou ta vire do nan vi w'

E menm lè w' ta pèdi diyite w'

 

Si yon jou

Lavi ta ba w' di tò

Mechan ta eseye demanti w'

E menm lè yo ta vle krisifye w'

 

Ou pa ta dwe pè !

 

Si yon jou

Jalou ta vle vole rèv ou

Ta vle rebat kat lavi w'

E menm lè tè a ta ap tranble

 

Si yon jou

Yo ta trete w' de moun fou

Egri ta pwofane vizyon w' pou lavi w'

E menm lè yo ta fè w' kriye

 

Ou pa ta dwe pè !

 

Pè se dyab

Pè envizib

Lap mare w' tankou krab

Li ka fè w' fè rizib

Ann mete pye sou kou l'

Ann kase kou l'

 

Si yon jou

Lasosyete ta aksepte w' pou sa w' vinn ye

Zanmi w' ap tann pou w' ta panche pou ri

E menm si chalatan ta di w' pap wè demen

 

Si yon jou

Tout zanj ta ap sot tonbe

BonDye ak satan ta ap ri

E menm lè w' ta wè se ou kap reenvante renmen

 

Ou pa ta dwe pè !

 

Si yon jou

1+1 pa ta bay 2

Listwa ta chavire

E si lafrik ta vinn premye pisans

 

Si yon jou

San nan kò w' ta tounen dlo sikré

Pou vanpi ak chen anraje

E menm si lavi w' ta rime ak penitans

 

Ou pa ta dwe pè !

 

Pè se dyab

Pè envizib

Lap mare w' tankou krab

Li ka fè w' fè rizib

Ann mete pye sou kou l'

Ann kase kou l'

 

Si yon jou

Enjistis ta deside fèmen bouch li

Tout zonbi ta va reprann libète

E menm si menaj ou ta kite w' pou yon minis

 

Si yon jou

Ayiti ta deside fè pwòp twalèt li

Politisyen ta sispann politize

E jou tik ta deside pran plas piss

 

Ou pa ta dwe pè !



28/01/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi