Yon blòg an kreyol ak Richardly

Konsa nou ekri istwa lavi n'

# Konsa nou ekri istwa lavi n' #

 

Chak aksyon

Chak reyaksyon

Chak erè

Chak sekrè

 

Chak tonbe

Chak leve

Chak vizyon

Chak sezon

 

Konsa nou ekri istwa n'

 

Chak dlo nan je

Chak fòs kote

Chak pa

Chak gout tafya

 

Chak fo zanmi

Chak vrè ènnmi

Chak perèz

Chak ti rèz

 

Chak kout kreyon

Chak chout nan kan

Chak kesyon

Chak ti van

 

Konsa nou ekri istwa n'

 

Istwa lavi n' se yon melodi

Ki karese le syèl an majè

Li konn gen sant lanfè ak paradi

E li mete sou jenou zanj ak pechè latè

Istwa lavi n' se yon bèl melodi

Menm si li ta gen sant lanfè ou paradi

 

Chak dife volan

Chak volkan

Chak batman kè

Chak doulè

 

Chak lonje men

Chak prèv renmen

Chak dout

Chak dewout

 

Konsa nou ekri istwa n'

 

Chak soulajman

Chak priyè

Chak sezisman

Chak limyè

 

Chak vèb

Chak èd

Chak kout kouto

Chak bwa pi wo

 

Chak mòn

Chak kouwòn

Chak talonnay

Chak batay

 

Konsa nou ekri istwa n'

 

Istwa lavi n' se yon melodi

Ki karese le syèl an majè

Li konn gen sant lanfè ak paradi

E li mete sou jenou zanj ak pechè latè

Istwa lavi n' se yon bèl melodi

Menm si li ta gen sant lanfè ou paradi

 

Chak nouvo jou

Chak randevou...

 

Konsa nou ekri istwa lavi n'



28/01/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi