Yon blòg an kreyol ak Richardly

Mwen pa p' kriye

Mwen pa p' kriye

 

Kole fè cho nan chak bò dèyè m'

Souflete m' nan chak bò machwè m'

Mwen pap kriye

 

Fè m' mache sou dife

Oubyen pwofane fason m' panse 

Mwen pap kriye

 

Lage chen dèyè m'

Kole dan kanniw yo nan dèyè m'

Mwen pap kriye

 

Fè kò m' fè maleng ak kout frèt

Eseye lage gonm bwapen nan chak bò tèt

Mwen pap janm kriye

 

Sim kriye, wa panse w' ranpòte viktwa

E mwen pap fè l' ni nan limyè

Ni nan fè nwè

Si m' kriye

Ou ka panse w' ka mete pye sou kou m' 

mwen ta pito redi jis m' kase tout venn nan kou m'

 

Ou te mèt koupe gigit mwen an ti moso

Fè tout moun pran m' pou yon gwo moso

mwen pap kriye

 

Ou ka eseye tire 7 boulèt

4 nan pye ak 3 nan tèt

Mwen pap kriye

 

Ranni kou bèt lè w site non m'

Miltipliye kòlè w',menm fè tankou w' tap bat yon fanm

Mwen pap kriye

 

Tounen gwo van pou w' chavire bak mwen

Pete tankou kochon pou w' deregle 2 tou nen m'

Mwen pap janm kriye

 

Sim kriye, wa panse w' ranpote viktwa

E mwen pap fèl ni nan limyè ni nan fè nwa

Si m' kriye, wa panse w' ka mete pye sou kou m' Mwen ta pito redi jis m' kase tout venn nan kou m'

 

Silans mwen fè mal

Se tout bri,se tout bal

Silans mwen ka nui w'

Li ka menm grafonyen lespri w'

Silans mwen mistik

E se plis ke misil ak moustik

 

Blogè : JRP



28/01/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi