Sezisman frè Jid nan linn de myèl li
Legliz alèkile anpeche jenn renmen anndan legliz swadizan kò yo se tanp BonDye ki se yon verite. San okenn edikasyon seksyèl, anpil dega rive fèt nan mitan lajennès.
Yon ti istwa ki pase nan yon legliz te atire atansyon m'. Se istwa frè Jid ak Natacha ki pase plis ke 5 kan renmen san yo pa janm konnen kò lòt. Mwen gen lenpresyon menm moustik frè Jid pa janm tiye sou men Sè Natacha. Pastè a te fè yo konnen apre maryaj pou tout ti jwèt fèt san sa si yo mouri se ap dèyè do BonDye.
Istwa sa pa ekri nan objèktif pou denigre prensip ki tabli nan legliz. Se menm bon pou anpil jenn k'ap renmen ki konn pwofite de yon flanm lanmou ki p'ap lwen etenn lè yo rive twò lwen. Ann tounen nan istwa a...
Apre 5 kan maryaj,lafanmi jenn yo te deside marye yo paske tan fiyansay sa pa ta dwe depase 3 zan. Kòm frè Jid t'ap travay, msye te twò kontan pou l' ka pwofite de fwi sakre sè Natacha.
Tout preparasyon te finn fèt pou jenn yo pase douvan pastè Nòbè. Machinn t'ap klaksonnen nan tout vil la. Epi vagabon ki te dèyè kamyonèt t'ap fè bri. Se te yon sèl refren : "Yo pran youn ! Yo pran youn " !
Apre resepsyon finn fèt, bèl diskou de sikonstans pasi pala, parenn nan te fè yo kado yon ti vwati tou nèf ak yon tikè avyon pou yon semèn nan yon otèl Jakmèl. Lè mesye dam yo finn enstale yo, finn pran ti masay ak ti lave kò nan pisinn, yo te retounen nan chanm otèl yo pou yo kale yon ti bebe pou bay maryay la sans li.
E se lè sa frè Jid pral dekouvri poukisa sè Natacha te konn ap sere zafè l' byen di. Sa ki rive frè Jid la pi trajik ke manman l' ki mouri oubyen bèlmè l' ki te mouri boukannen nan yon ensandi yon sware nwèl. Tout moun te gentan finn retire anvlòp ki bare peche yo. Lè Natacha resi bay mari l' frè Jid fàs, msye ta mouri : Madanm li sè Natacha gen 2 sèks. E jan frè Jid ap gade fenomèn sa, pati maskilen plizoumwen devlope ke pati feminen an. Elàs pou frè Jid ki se yon kretyen zonbifye, li ta pito mouri olye li ta divòse paske l' pa vle pèdi nanm li.
A découvrir aussi
- Istwa Jakòb : Yon chofè taksi nan NouYòk
- Rezon ki fè Jàsminn ap pwostitisye
- Manbo Ivònn ak etidyan Fènan : yon lanmou mistik