Manbo Ivònn ak etidyan Fènan : yon lanmou mistik
Nan yon ti lokalite tou pre Site Solèy, gen yon gran peristil. Tout adèp vodou nan katye a e menm byen lwen peyi a toujou vinn patisipe nan gran seremoni mistik sa yo chak madi ak jedi nan apre midi.
Tout moun respekte Manbo Ivònn. Se yon fanm ki poko rive laj karantan. Se yon grimèl, fanm gran tay, sousi kontre. Fason li souke kò l' lè ginen danse nan tèt li te atire tout jenn gason ki t'ap frekante peristil la. Anpil jennjan di yo konn wè madanm nan nan rèv yo... Anpil moun ki konnen di lwa te reklame Ivònn depi nan vant. Kidonk, li pase tout lavi l' ap sèvi manman Èzili.
Nan menm kanton an, te gen yon jenn gason yo rele Fènan ki t'ap viv ak manman l' ki se machann kafe nan zònn lan. Msye te nan inivèsite. Li t'ap aprann sosyoloji nan yon fakilte leta. Msye te byen pòtan. Se te yon potorik gason nan jan l' pale ak nan jan li kanpe. Se te yon gwo kondiktè motosiklèt tou. Akoz kiryozite entelèktyèl li, li te konn pase gade jan seremoni yo konn ap dewoule. Msye te menm kòmanse vinn pa kapab pase semèn li san li pa wè jan ginen yo ap danse nan tèt moun, bay moun boul bòlèt, resèt pou timoun ka entèlijan ak geri moun ki malad. Pou msye, se te bèl bagay lè l' wè bondye vodouwizan yo pa rete sèlman nan syèl la men pito yo desann nan kò sèvitè fidèl yo pou pale ak lòt patisipan yo... Se te toujou konsa pandan ti tan msye te gentan genyen sou katye a.
Yon jou bèl solèy, pandan tanbou t'ap kònnen nan zòrèy moun yo, pandan Èzili Dantò t'ap danse nan tèt Manbo Ivònn , li fè yon jès ak men l' pou foul la ouvri ba l' pase : li te apwoche Fènan ki te kanpe bò premye poto ki nan antre peristil la. Msye t'ap tranble tankou fèy bwa. E lespri ki te nan tèt manbo Ivònn te rasire mon konpè. Li te kòmanse li lavi msye. Li te menm di ti nonm nan li te an danje paske paran yon demwazèl lage nan dèyè l' pou tiye l'. E depi jou sa, Fènan vinn lye yon gwo zanmitay ak manbo a. E lanmou pa te tann pou mete pye. Men , pyès moun pa t' konnen si se Èzili oswa Ivònn ki damou ti nonm nan.. Manbo Ivònn te konnen byen ke Fènan gen yon grenn zanno kay òfèv. E li te sèmante pou li te pran Fènan avan paran demwazèl la. Men an pasan, aspiran sosyològ la pa t' vle marye e li pa t' vle okipe timoun nan paske manzè mennaj li te yon pye lejè.
Yon jou pandan msye ap sòti Okay pou antre pòtoprens, motosiklèt li an rive fè yon mechan kolizyon ak yon kamyon sab. Senti msye pran le nò, manm siperyè l' ak vant li antre anba machinn nan epi tèt msye vole tonbe nan kannal lari a. Tout moun ki t'ap pase fè konnen se pi gwo aksidan yo janm wè nan lavi yo. Anpil ti chwi chwi fè konprann se te yon ekspedisyon paran fi a te fè nan dèyè Fènan.
Nan moman antèman an, nan lasware , plizyè moun fè konprann ke yo te wè yon motosiklèt te pase ak yon jenn gason ak yon dra blan sou tèt li. Kidonk, Fènan te gentan zonbi nan bitasyon byen lwen papa fi msye te ansent lan.
3 ane te pase apre gran pèt fanmi ak zanmi etidyan Fènan te fè a. Pandan yon ansyen zanmi Fènan te rive wè yon zanmi l' ki abite tou pre manbo Ivònn, li te rive ap pase devan kay manbo a tankou tout lòt jou li konn fè sa. Lè sa, midi t'ap sonnen nan legliz katolik zònn nan. E ansyen zanmi Fènan te kanpe pou fè kèk siy de la kwa paske lè sa se yon lè ki frajil jan granmoun yo toujou di. Nan menm moman an, ti Sentaniz ki abite kay manbo Ivònn nan t'ap ouvri pòt la pou li ale achte kèk chandèl pou madanm li rele manman an. Je zanmi Fènan al' tonbe sou manbo Ivònn k'ap karese tèt Fènan ki te blayi kò l' nan janm madanm li. Msye te tou fou. Se yon bon zanmi l' ki te bay rezon ki fè tèt li pati a paske se premye ak dènye moun msye te rakonte pawòl sa.
Blogè : JRP
A découvrir aussi
- Istwa Jakòb : Yon chofè taksi nan NouYòk
- Kèk souvni m' nan lekòl primè : 7 ane lanfè
- Plim poul : Madan Jozèf te ka vann mari l' nan zobop tou