Yon blòg an kreyol ak Richardly

Kèk souvni m' nan lekòl primè : 7 ane lanfè

Souvni lekòl primè rete make tout moun. Sa tèlman vre ke pi fò rèv sou lekòl trennen nou ann aryè lè n' te tikatkat pandan nou t'ap jere strès yon bagay nou poko te konn valè li.

Screenshot_2015-02-27-22-23-21.png

Mwen te nan yon lekòl kongreganis kote yo te trete timoun tankou esklàv. Sa te koz mwen te mawon 2 fwa : 

 

- Nan premye ane paske pwofesè a te fè jeran an netwaye kèk gawòt lila. Li konn double frèt jamè kase sa yo pou fè kò elèv leve loup. 

 

- E dezyèm fwa mwen mawon, mwen te nan twazyèm ane. Lè sa klàs la t'ap aprann fè adisyon ak 5 kolòn epi 5 liy. Nou te gen 20 egzèsis. Sa ki dwòl la, youn pa te bon. Kòm lekòl t'ap lage, pwofesè a te di chak egzèsis rate se 5 kout rigwàz. Mwen chèche krache pou m' vale m' pa jwenn. Nan demen, mwen pran pòz mwen leve ak yon tèt fè mal : se yon ti maladi m' soufri natirèlman . Mwen konn panse al' fè kèk vizit doktè pou si se yon timè. Kidonk, mwen te rate 2 jou lekòl sa yo nan klàs primè volontèman.

 

Dèfwa mwen mande tèt mwen kòman fè mwen pa te janm refè yon klàs. Paske mwen pa te twò renmen etidye pase sa. Depi granmoun yo la mwen fè sanblan epoutan... Mwen te menm di patènèl mwen ke mwen pa renmen etidye pa kè. Se yon semèn avan egzamen mwen te konn etidye. Se liv ti komik ak fim ki te okipe pi fò tan m'.

 

Men 2 bagay ki te plis make m' nan peryòd sa. 

 

Mwen te nan katryèm ane. Mwen fè zewo bare pou tout semèn nan. Paran yo te konn gade kanè yo chak fen semèn pou wè si y'ap voye nou pran leson. Mwen tèlman pè santans ki rezève pou mwen ke m' te modifye nòt yo. Mwen te mete 30 sou 50. Papa m' ki maton, pran taksi pou li mande madam nan rapò... Mwen pase yon move jou !

 

Dezyèm bagay ki te make m' : 

Mwen te nan sètifika. Frè a an pèsonn bay yon dikte fransè ak yon dikte kreyòl. Mwen pa fè yon grenn fòt pou fransè. Se te mwen sèlman ki te fè 10/10. E sa ki dwòl la, nan lang kreyòl ki se lang manman nou mwen fè 3 fòt. Komabo !

 

Twazyèm bagay ki make m' nan se lè yo voye elèv chèche paran yo. Mwen te konn wè anpil paran k'ap defile. Anpil te konn derespekte pwofesè yo swadizan pitit yo se prens. Men... Elèv sa yo te peye sa paske pwofesè yo te inyore yo.

 

Yon jou mwen te al' chèche manman m'. Mwen te kontan paske m' panse li ta pral vekse pwofesè tankou anpil paran te konn fè. Konsa pwofesè sa yo ta banm lapè. Lè manman m' rive, sa w' kwè li di mèt la : " Dèyè Richardly nan men w' mèt la. Depi l'ap fè parese, ou mèt touye l', m'ap vinn pran kadav li. ( Se te yon fason pou fè m' pè).

 

Mèsi manman ! Mèsi papa !

 

Hi hi hi ! 

 

Blogè : JRP



28/02/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi