Plim poul : Madan Jozèf te ka vann mari l' nan zobop tou
Sa fè kèk tan depi madan Jozèf ap pran lari lannuit. Msye Jozèf kòmanse enkyè. Li menm mete moun siveye pou li. Genyen ki bay verite konsa gen lòt ki konn envante koze pou jwenn ti grapday monnen nan men Jozèf.
Ti vilaj kote moun yo ap viv la tankou yon pla men timoun 6 mwa. Sa vle di ke tout moun konnen tout moun. Si pye w' pa dwàt, w'ap jwenn ti chichichwi detanzantan. Kidonk, tout moun te preske gen yon konduit egzanplè lajounen. Men nan aswè, se lè sa tout bèt vole. Moun serye tounen vagabon, madanm marye tounen trap pèpè.
Ann tounen nan zafè madan Jozèf la.
Chak swa madanm sòti swadizan se yon kouzinn li al' wè. Lè mari l' vle sispèk, li sòti chak twa jou. Li panse l' te mayèt men msye Jozèf te plis gen kontwòl manzè. Msye te konnen swadizan kouzinn lan vre, li te fè l' konfyans e li te kwaze avèk li souvan. Dèfwa li konn bay ti monnen lè afè swadizan kouzinn nan pa twò bon. Men fwa sa, li deside rankontre kouzinn nan pou li konnen dekiprevyen madanm li ap vinn lakay li chak swa. Li vle asire l' ke se pa randevou ak nèg madanm li ap pran nan chanm kouzinn nan ak nèg.
Apre ti pawòl yo te gen, kouzinn nan fè li konnen li pa bezwen enkyete l'. Kidonk, madanm msye a fidèl. E li menm di Jozèf ke si vizit madanm li an nui l', l'ap prefere vini lakay madan Jozèf pito. Kòm Jozèf wè pa gen anyen, li deside bay madanm li libète sòti li.
Yon jou swa, menm jan an ankò, madan Jozèf te sòti. Kòm li tap kouri sou dizè , Jozèf te deside al' chèche kontwòl bèl grimèl li an paske uitè edmi pa janm pran l' deyò. Pandan msye te sou wout la, pye gòch li al' frape. Se pa ti mal ! E lè mon konpè rive kay kouzinn lan, olye pou li frape, li te antre pito. Pandan l'ap apwoche dekoupe ki bare kabann an fè swadizan kouzinn lan li tande yon bri. E se lè sa msye ap konprann poukisa manzè toujou fatige lè l' ta vle kase ti bwa nan zòrèy li. Msye fè kòlè, li deside rale dekoupe a pou li koresponn ak jenn gason sa madanm li pi renmen pase l' la. Lè Jozèf rale dekoupe, li chèche gason li pa jwenn, li gade anba kabann, li pa jwenn. Se nan anpil refleksyon li vinn konprann ke pa te gen gason nan mitan de swadizan kouzinn yo.
Depi apre kè kase sa tout moun se yon sèl koze nan site a : madan Jozèf te ka vann mari l' nan zobop tou.
@richardlyayiti
Jean-Richardly Pierre
A découvrir aussi
- Rezon ki fè Jàsminn ap pwostitisye
- Manbo Ivònn ak etidyan Fènan : yon lanmou mistik
- Sezisman frè Jid nan linn de myèl li