Yon blòg an kreyol ak Richardly

Plis ke yon milyon Bann Sanpwèl ann Ayiti

Maten an mwen te leve bò 7 tè. Mwen te kòmanse prepare m' pou lekòl la. Mwen gen yon telefòn fiks mwen fè sèvi kòm radyo. Li toujou gen chaj e li fonksyone 24/24. Pandan m'ap vire pòs la, mwen al' tonbe sou radyo metwopòl nan emisyon " le point ". Animatè a t'ap poze yon manbo kèk kesyon. Sa te enterese m'...

images-5.jpeg

Madanm nan pale de anpil bagay, anpil bèl bagay. Li bay anpil prensip nan monn vodou a swadizan pi gwo peche nan vodou se EKSÈ. Li di li gen omwen 31 ane depi li sèvi. Li eseye menm kraze kèk mit pèp ayisyen genyen sou plizyè domèn tankou galipòt, kanzo, bizango, lwa elatriye. Men sa ki te plis enterese m' nan, se lè madanm nan t'ap pale de bann sanpwèl. Li te konfime egzistans mouvman sa. E lè animatè a te di eske kantite bann sanpwèl yo ann Ayiti pa rive nan yon santènn konsa. Manbo a reponn ke kantite bann sanpwèl yo preske rive sou yon milyon. Sa te fè m' sezi.

 

Li te bay kèk konsèy tou ak kèk ti enfòmasyon pètinan sou zafè bann sanpwèl.

 

Li fè konnen ke mouvman sa egziste pou pwoteje entegrite nasyon an. Ou te mèt kwaze yo nan lari, ou pa bezwen pè paske yo dwe w' pwoteksyon e dayè ou ka menm ap pase nan yon gwoup konsa san ou pa rann ou kont. E si ou wè y'ap entimide w' pou ou pa pwoche yo se prekosyon y'ap pran pou ou pa rekonèt yo.

 

Se te yon bèl emisyon maten an. Mwen pa te branche nan kòmansman men pou ti tan mwen t'ap koute a, mwen jwenn.

 

Mwen poko janm kwaze bagay sa yo bay pou bann sanpwèl la men a pati de jodi a, si sa ta rive pou m' kwaze yo : mwen p'ap pè.

 

***

Swiv mwen sou twitter : 

1.- ale nan mesaj, ekri : on @richardlyayiti

 

2.- voye l' nan 40404

 

@richardlyayiti

Jean-Richardly Pierre



10/03/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi