Yon blòg an kreyol ak Richardly

Pike kole : jan w' pike ou bon ???

Sa fè preske 4 ane nan anviwonnay channmàs, mwen t'ap gade dega tranbleman tè a te fè kapital la espesyalman Palè Nasyonal. Se yon jou ki make m' e mwen kwè mwen fè gwo sezisman non sèlman pou dega goudougoudou fè men tou pou yon atrap nigo raketè te pran m' ladann.

images-1.jpeg

Mwen te vinn enskri nan fakilte. Mwen te desann lakay yon bon zanmi m' ak yon lòt bon zanmi m'. Se te pou 15 jou sèlman. Mwen te konn pwofite al' gade moun ki anba tant sou channmàs epi pase fè ti tan devan youn nan pi bèl palè ki te pi byen desinen nan monn nan.

 

Pandan mwen t'ap fè ti vire bò palè a, yon nèg vinn jwenn avèk mwen. Msye ap eksplike m' jan yon nèg k'ap òganize jwèt pike kole ap pèdi lajan. Msye rasire m' ke jan m' pike m' bon. Li menm eseye jwe pou li pwouve m' ke lòt la se enbesil. Li te fè m' kado 10 dola. 

 

Mwen te pran yon ti tan pou m' reflechi. Mwen kalkile ke mwen tou bon jodia paske m' pral parye tout ti monnen ki te nan pòch mwen. Menm nèg la di m' mèt parye tout sa m' gen nan pòch mwen. Touswit, mwen pran ti bwa a pou m' ka pike. Mwen santi m' genyen. Menm mèt jwèt la montre m' li pèdi. Mwen mete 10, mwen mete 20, mwen mete 50, mwen mete yon ti monnen 7 dola ki te rete m'... Mwen manke parye pè tenis marenn mwen te fè m' kado apre gradyasyon filo. 

 

Lè nèg yo asire ke mwen pa gen yon yota nan pòch mwen, raketè a defile sentiwon an epi yon perèz pran m', mwen te anvi kriye. Epi la menm yon lòt nèg ni t'ap swiv mouvman an vinn pran m' swadizan pou fè moral mwen. Mwen sòti channmàs la pou rive Matisan sou 2 pye m'. E se lè m' lage kò m' sou kabann nan, nan yon ti refleksyon : mwen vinn wè ke ni nèg ki te mennen m' nan jwèt la, ni lòt k'ap chofe yo e ni nèg ki te vinn pran menm nan te tankou 5 dwèt nan yon men.

 

Mwen aprann yon bèl leson jou sa : pa janm kwè nan fè lajan fasil.

 

@richardlyayiti

Jean-Richardly Pierre



20/03/2015
1 Poster un commentaire

A découvrir aussi