Yon blòg an kreyol ak Richardly

#lanmouRezoSosyal

Sou facebook ak sou whatsapp - mwen pran plezi gade fi k'ap chanje profil. Anpil nan yo fè l nan objektif pa yo : Pou montre ke yo byennerèz. Pou yo bay yon ex- chalè... Men mwen fè yon ti remak :
12241725_990887517634703_3556574939317324527_n.jpg

Lè yo fenk gen yon mennaj - yo bonbade estati yo ak foto profil yo ak bèl pawòl lanmou tankou : " toi et moi pour la vie bb. Yo p'ap konprann. Jtm mon coeur.Egri yo sezi. Nou soude pou lavi. Yo pa ka kraze sa elatriye. " E Franchman sa ka fè lanmou yon gason bese pou fi sa paske l wè pa gen "challenge" ankò. E mande BonDye padon si nèg la konnen l pa vinn pou rete vre. 

Men mwen pa janm sezi Lè kèk jou apre Se dezolasyon mwen Wè nan profil yo tankou foto nwa e blan pou di ke kè yo an dèy oswa estati yo : " Fuck Love. Se sèl manman m ki renmen m vre. Pa bay Kè w a pèsonn. Tout gason se menm. Avan w' brize yon kè , gade pou w' wè si w' pa ladann. Ou pa yon pwoblèm pou mwen ou jis yon enpàs. Si w vle ale pòt la tou ouvri elatriye. .." E an konsa wa sezi wè yo te konnen tout chante Arly Larivière.

Se moun sa yo ki konn kraze relasyon yo epi y'ap chèche moun pou pote chay yo. E souvan moun ki egri yo konn rann yo lavi di sou rezo sostal yo nan mesaj mennaj moun yo... Ou poko menm gen garanti devan lotèl legliz ke moun sa pou ou vre epi w te gentan ofisyèl sou rezo sosyal yo. Moun marye pap fè jwèt patekwè sa. Si se lanmou an ki twòp pou ou, pran yon kaye ak yon plim pou w' ekri pito. 

Moun ki pi prevwayan yo pap janm fè erè afiche nanaj sou rezo sa yo fè makak paske aa pa janm twò lwen pou voye e lè sa y'ap di : " Mwen te wè sa pou ou ". E tout moun te gentan antre pye yo men longè nan istwa w' paske l sanble yon love story zòn hollywood. 

*** Mwen pa ekri pawòl sa yo pou blese ( menm lè san gentan koule) , se jis yon remàk e mwen espere nou wè leson an. 

#Richardly



23/11/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi