Kanpay nan 21e syèk sa
Yon responsab kanpay se yon moun ki fò nan fè maketinn pou kandida li responsab lan.
Gen 3 kanpay mwen viv pandan ti tan m sou tè sa, ann Ayiti ki fè m konprann ke yon moun yo pa konnen ka popilè byen vit e byen plase pou li eli : Joseph M. Martelly an 2010, Jovenel Moïse ak Jude Célestin an 2015. Ou gentan santi gen yon machinn k'ap travay pou yo. Yo touche tout bagay pou atenn moun : teknoloji - maketinn elatriye. Menm jan yon konesè nan responsabilite kanpay di : yon kandida pa ka reflechi pou kanpay li. Moman sa pase kidonk ki pa alamòd.
Pou Jovenel Moïse, se yon bèl kanpay pou m pa di pi gran kanpay apre Martelly an 2010 ki te fè yon kanpày ki sanble yon film ero. Li touche valè familyal pandan l akonpaye madanm li an kanpày alòske okenn kandida pa fè sa. Yo tèlman plen ti mennaj... Li fè tankou l pwojte yon resanblans ak màs la ( se vre an pati) men se yon milyonè kanmenm, li fè tout jenn reve ak vizyon l gen nan lavi, reyisit li ak sa l vle pou Ayiti e li itilize yon imaj ki pi pwòp paske l pa t choute sou pèsonn e se kandida ki pi modès ki te nan kous la. Pou fini, se moun ki itilize teknoloji yo pi byen pou atenn moun tankou piblisite telefòn, bilbòd ak rezo sosyal yo.
Men yonn nan kandida mwen te panse ki te ka epate m pou kanpày li se te Senatè Moïse Jean Charles. Imaj li pa t two pwòp nan lari a.Pa gen yon bon grafis pwofesyonèl kòm minimòm ki t'ap panse pou li. Mwen pa konn si se paske l panse l popilè( gwo erè) ki fè l pa envèsti vre e mwen panse se responsab kanpày li an Daly Valet ki pa t gen okenn konpetans pou travay sa. E gen twòp kandida ki te gen flatè nan ekip yo. Yo la pou di sa chèf la vle tande e se depi la : Si w pa gen konsyans de sa ou pap ka prevwa anyen antan ke chèf.
An gwo, zafè kanpày se travay yon ekip ( ajan maketinn, sosyològ, politològ, enfòmatisyen, sikològ, avoka, epi lajan tou paske pa gen pèsonn ki ka vann vizyon l san w pa vle mete lajan deyò paske menm moun k'ap travay pou ou pap janm mete yo an kàt pou w jwenn rezilta.
Apre Obama ki te fè yon gran kanpày, nou gen pa bò isit moun ki ann avans sou anpil lòt, ki eklere e ki entèlijan isit tankou prezidan Martelly, Jovenel Moïse, Jude Célestin ak kèk grenn ou ka konte sou dwèt.
*** Mwen ta renmen kreye yon chèf ak 10 dwèt mwen.
Mwen vle responsab yon kanpày ! émoticône wink
#Richardly