Ayiti : ki lidè
Souvan,nou gen pwoblèm pou nou idantifye pwen ki pi enpòtan pami tout bèl kalite yon lidè (politik) ann Ayiti ta dwe genyen avan lòt kalite ki fasil korije. Banm 2 minit...
Lè m' di Ayiti bezwen yon Lidè : se pa nan sans yon moun ki ka drene anpil moun dèyè l' ni ki gen talan oratwa pou sansibilize moun oubyen lòt ti detay ki ka defini yon vrè lidè : pa manke modèl sa yo pa bò isit.
Men pi souvan, kèk ti faktè yo pa pran an kont e ki primòdyal pou yon VRÈ lidè politik konn trayi lidèchip y'ap preche a. Anplis de kalite nou te site yo, depi yon lidè (politik) pa posede 2 grenn kalite sa yo mwen pral site a : tout moun ta dwe koupe yo kout je e kalonnen yo ak wòch. Men 2 kalite sa yo ta dwe voye nou al fè ankèt sou antesedan swadizan lidè sa yo avan nou bay yo desten tout yon nasyon. Tankou :
1.- KONVIKSYON: Se pi gwo kalite daprè mwen. Pèp Ayisyen dwe idantifye modèl moun sa yo pou n' ka mache avèk yo : moun ki gen konviksyon ak karaktè. E mande BonDye padon : si pa t' gen kek moun konsa nan palman ak nan radyo, anpil gouvènman t'ap bere ak manba, bè oubyen menm mantèg ti pèp sa pou vale l' san kraze.
2) ONÈTETE : Yon lidè ki pa onèt gen plan pou tèt pa l', ti fanmi, ti zanmi ak tout ti klik li. (Afè yo tou regle ak lajan pèp la. )Yon lidè ki onèt pa gen okenn sipriz pou moun ki te vote l' yo. Se pa moun yon ti malèt lajan ka fè pantan. Se pa moun k'ap dakò laboujwazi kòwonpi l' pou jete kòz pèp la nan bwat fatra oubyen k'ap fayi ak pwomès li te fè nan peryòd kanpay elektoral yo.
Kidonk, Ayisyen dwe leve moun sa yo nan priyè yo devan BonDye; moun ki gen konviksyon e ki onèt paske san yo nou t'ap pi mal. Se yo ki toujou di " Abraham dit c'est assez" lè yo pa konprann jwèt k'ap jwe sou do pèp sa.
Mwen pa t' vle fè pèsonalite epi tou se pa anyen m'ap defann men n'ap bat bravo lakontantman pou kèk tèt grenn tankou Moyiz Jan Chal, Jan-Batis Byenneme, Stivenn Benwa ,Jan Mona ak kèk lòt ki sou beton an ak sa kite egziste nan tout peryòd ki make istwa nou kòm pèp. Se yo ki anpeche enbreman finn make dipwen sou do Ayiti.
Ayiti bezwen yon VRÈ lidè...
Jean-Richardly PIERRE
jrichardlyp@gmail.com
+(509)3111 9750