Yon blòg an kreyol ak Richardly

Dràm Kanaval 2015 : konfizyon total kapital

Si n'ap kòmanse nan kòmansman, n'ap di ke kanaval 2015 lan te byen anonse tou swit apre Sen Valanten. Premye jou a te yon reyisit paske pou yon premye fwa nan listwa mondyal , yon si gwo evènman pa t' gen twòp viktim. Yo te resanse yon mò ki pa t' viktim nan zònn gwo manifestasyon kiltirèl sa ki te mennen omwen yon milyon banbochè isit tankou lòtbò dlo. E tout bagay ta pral chavire nan dezyèm jou a.

images.jpeg

Dizyèm gwoup ki se " Barikad Crew " ki t'ap defile a te preske rive bò estann prezidansyèl la lè chantè vedèt gwoup rap ki pi popilè a te pral fè kolizyon ak yon kab " haute tansyon" . Atis la te limen tankou yon fedàtifis avan li te chavire anndan cha a kote li t'ap bay kim nan bouch. Perèz te anvayi moun anlè tankou atè. E se pa kouran ki tiye pi fò. Anpil moun di se nan kouri, se kòtèj prezidansyèl oubyen cha a. Tout moun t'ap kouri nan tout sans. Se gràs ak yon frè mizisyen ki se Brital nan gwoup la, dapre Izolan ki te gen ase kouraj mete atis la sou do pou transpòte l' lopital sinon li t'ap mouri. 

 

Men apre evènman an, anpil kesyon ap parèt pwent tèt yo swadizan aksidan an se sakrifis pouvwa an plàs la pou fè dyab bwè san pèp la. Anpil moun pa ka konprann poukisa Simityè pòtoprens gen estann ak eslogan ki pa inosan tankou : n'ap frape kanaval la. E sa ki pi rèd la, se devan menm estann sa ke aksidan an fèt. Gen moun ki te atè ak sou kèk estann tou pre a ki menm fè konnen kèk minit avan aksidan an, yo te remake plizyè kreyati biza nan foul la swadizan se vye lespri malefik. Anpil moun wè sa biza pou nan mwens ke 24 trèdtan, gouvènman an gentan ògznize yon evènman tou pre estann simityè a swadizan se yon libera y'ap chante pou voye mò yo ale. Kèk konesè mistik di ke gwoup rasinn Boukman Eksperyans te gentan santi malè sa paske lè yo te rive nan kafou 4 sa, yo t'ap fè yon depo simagri pou lespri yo bay pasaj. Yon lòt menm fòse di ke aksidan sa mistik. Li di li pa sipèsisye men li pa nayif non plis... Alatraka !

 

Antouka...

 

Tout moun ap pale. Menm gen sa ki te pè pou politisyen ak legliz pa t' akapare koze a. Malerezman pou yo !

 

Blogè : JRP



20/02/2015
2 Poster un commentaire

A découvrir aussi