Ayiti : ki solisyon
Mwen pa janm renmen pase nan 4 chemen. Sa konn koz mwen frape ak resif. Alòs, m'ap di nou ke nou dwe re imajine Ayiti ak 4 pwen sa yo ke yon gran antreprenè Ayisyen pwopoze nan yon liv (biyografi ) pou leta ta dwe envesti. Mwen pral detaye nan yon fason pou tout moun konprann san mwen pa itilize jagon ki se :
1.- Edikasyon( primè, segondè, pwofesyonèl ak nan inivèsite.
Lekòl primè ta dwe konplètman gratis nan lekòl prive tankou lekòl leta. Lè konsa, n'ap gen yon popilasyon ki plizoumwen edike. E pou lekòl segondè , leta ta dwe mete kontwòl pou eseye detekte konpetans chak grenn elèv pou prepare yo pou inivésite. Fòk ta gen anpil lekòl pwofesyonèl ak inivèsite pou ki pèmèt nou kontwole sistèm edikasyon an e k'ap pèmèt nou defini sa ki priyorite nasyonal yo. A pati vizyon leta, pou n' prepare jenès la nan direksyon vizyon sa paske se yo ki pral sèvo ki pral materyalize vizyon an. ( Paske san yon vizyon ki pa chita sou bon baz, se lave men siye atè)
2.- La fanmi se la vi
Valè yon moun pran nan fanmi tankou antrèd, lonè,pidè, jenerozite, lanmou filyal vinn preske pa egziste jodi a. La mizè fè n' divize. Li obligatwa pou nou restitiye valè familyal yo nan sosyete a e fè edikasyon moun yo sou wòl la fanmi nan yon nasyon. E pa gen sosyete san prensip fanmi, san lafwa ki se 2 pwen enpòtan nan avni yon peyi e k'ap pèmèt pou n' kapab gen moun ki ekilibre oubyen moun ki gen tèt ki rete kole sou zèpòl yo. YO PWOUVE KE LÈ W' GRANDI NAN INYORANS YON ÈT SIPRÈM,SA OUVRI PÒT [AK TOUT EKSÈ]. Yon sosyete dwe kwè nan lafwa pou li fè bagay ki difisil, pou aprann fè lapè ak moun ak pou aprann travay nan tèt kole.
3.- Opòtinite
Nenpòt moun pa kapab sezi sa yo rele opòtinite a. Nou dwe aprann devlope sans nou pou sezi opòtinite ki prezante a nou kòm moun, kòm nasyon, kòm pèp paske chans pa vini 2 fwa.
4.- Travay pou yon gwoup, ak yon gwoup
Pari sa difisil pou anpil Ayisyen e nou konprann poukisa anpil antrepriz konn fèmen pòt yo nan premye ane fonktyònnman yo. Chak moun vle patwon. Chak moun vle gen yon antrepriz ki rele l' chè mèt chè mètrès. Twòp moun wè enterè pèsonèl avan enterè yon gwoup. Kidonk, twòp moun vle manje pou tèt yo. A ki sa yon reyisit ki pèsonèl kapab itil yon moun lè kote w'ap viv la, fanmi w' ak zanmi w' raple w' yon echèk kolektif ? Lè tout sa w'ap fè, ou wè l'ap itil anpil moun avan enterè pèsonèl, non sèlman ou chanje antouraj ou : ou chanje lavi pa w' tou.
Jounen jodi a, tout Ayisyen gen yon misyon ki se vizyone lavi yo, transfòme l' e fè peyi a, lavi yo bèl nan je sosyete a. Lè n' fè sa : nou pa travay pou tèt pa nou men pou lòt jenerasyon k'ap vini yo kapab gen yon pye atè pou kontinye devlopman pèsonèl yo ak kominote yo.
Blogè : JRP