Yon blòg an kreyol ak Richardly

Fanmi fanm marye : Yon toubiyon poupou

Sitou ann Ayiti, lè yon gason fè yon sèl chè ak fi li chwazi a , defi kòmanse nan kay la. Gen anpil gwo defi tankou travay, manje, abiye ak lòt defi emosyonèl men yonn nan pi gwo defi yon koup gen pou leve, sitou gason kay la, se defi fanmi fanm nan. Ann pale...

images-7.jpeg

Lè de moun marye, bidjè yo pa menm ase pou ni nèg, ni fanm e ni pitit. Apre maryaj, tout moun pake nan kay la tankou se ou ki vinn responsab tout bezwen yo. Nou ka konprann poukisa modèl sa ap grandi nan peyi a : tout moun gentan panse se mwayen ekonomik. Wi se vre. Men gen anpil danje nan bagay sa epi tou gen yon mwayen yon fanmi te ka jere ti fanmi san yo pa vinn ankonbre kay la.

 

Yonn nan danje ki genyen, se lè madanm nan vini sitou ak fanmi fi e nan nenpòt laj la : se yon danje. Menm pye pastè konn chape nan zafè chanalite e si yon moun ta inyore sa : se nan erè ou ye e ou gen pou wè l'. Kabwèt la ap kole e tout moun ap konn non bèf la. E lè yon moun nan sitiyasyon sa, ou oblije pran distans ak fanmi fanm lakay ou. Ou ka toujou souri ak salye san ou pa nan pawòl fon paske madanm ou la pou sa deja. Lè ti fanmi anvayi w', ou pa kapab finn fè bèl ak tèt ou ak satisfè bezwen pitit ou paske ti fanmi anpyete sou mwayen ekonomik ou.

 

Men tou, pou evite jan de konpòtman sa yo, menm si mwayen bon, gen ti bràs k'ap fèt : ou ka kreye yon bidjè pou ti fanmi lwen. San ou pa anprizone tèt ou nan toubiyon poupou ki p'ap janm fini. Dayè pa gen kote ki ekri ki di se yon òfelina ou genyen.

 

Men...

 

Sa pa janm menase maryaj 2 moun paske depi se fanmi fanm nan, madanm ap san pwoblèm. Kidonk, malgre tout ti pale sa yo : pito se fanmi fi a ke se fanmi gason an paske madanm pral santi li nan prizon menm lè genyen bèl dan nan premye semèn yo. ( Se pa t' janm bèl dan vre.

 

@richardlyayiti

Jean-Richardly Pierre



12/03/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi