Vrè rezon ki koz yon moun ràsis
Yon ràsis se yon moun ki sitou ap fè prejije koulè. Sa konn rive li panse se yon siy siperyorite ki konn fè li pa tolere yon moun ki diferan de li. Tout sa se yon kouvèti pou kache yon gwo pwoblèm. Ebyen, ki vrè rezon ki fè yon moun ràsis.
Ann fè yon ti landjèz ! Eske sa pa janm rive w' pou w' wè se difisil pou yon moun wouj natirèlman entèlijan lekòl ? Men mwen pa two jeneralize ka a. E depi yon nwa yon kote, entelektyèlman palan, tout blan se chita gade paske nwa sa twò entèlijan pou yo. E souvan, nwa yo konn pi toleran ak moun lòt koulè san pou otan li pa minimize tèt li. E sa se kalite preske tout vrè Ayisyen. Eske w' pa jwenn jès sa se yon jès siperyorite ?
Lè yon moun ràsis, li entoleran, li ensipòtab e li trè konplekse. E lè yon moun konplekse sa souvan koz ou pa ka finn sènen jès li ak sa l'ap panse oubyen sa l'ap di.
Si n'ap pran egzanp sou vwazen dominiken nou yo k'ap fè Ayisyen pase nan je zegui tèlman nivo entolerans yo egzajere : se yon egzanp ràsis melanje ak yon ekip zàk babari ki ka fè nenpòt moun doute de limànite vwazen nou yo.
Men vrè rezon ki fè yon moun ràsis .
Kèk syantifik Ameriken, k'ap etidye konpòtman moun te fè kèk tès sou kèk moun. E yo remake ke moun ki gen konpòtman biza sa yo gen yon gwo kàrans. Se sa yo rele " kosyan entelèktyèl " la (ki se nivo entèlijans yon moun). Nivo kosyan entelèktyèl moun sa anba mwayènn nòmal la. Kidonk, moun ki soufri konplèks sa gen gwo pwoblèm. E jan nou te di sa pi wo nan atik la, moun sa yo konn entoleran, konplèks, ensipòtab e plis ankò yon mechan san lijyènn.
#ayisyenparasis
Blogè : JRP