Cloud Computing : Yon boulvèsman nan monn enfòmatik la
Imajine w' se yon patikilye oubyen yon antrepriz : ou pa bezwen achte ak ankonbre kò w' ak materyèl pou ou anrejistre enfòmasyon w' ankò. Tout sa w'ap fè pral ap pase nan nyaj.
Se yon pwojè ki pote anpil lespwa nan monn teknolojik la. Aktè ki ap envesti nan pwojè sa se Microsoft, Google, IBM ... E yo pwomèt ke teknoloji sa pral reenvante fason n'ap anrejistre enfòmasyon.
Kòman li fonksyone ?
Ou ka gen yon òdinatè, ou pa bezwen enstale okenn aplikasyon sou li. W'ap ka enstale l' nan nyaj.
E si w' se yon gran antrepriz tankou yon bank konsa, tout enfòmasyon kliyan yo ap nan nyaj san ou pa riske pèdi yo nan zafè pirataj oubyen ensandi.
Men pou yon moun gen aksè ak enfòmasyon li yo, fòk li ta gen koneksyon entènèt. Genyen mwayen pou moun konsilte enfòmasyon li menm san entènèt men aksè a ap limite.
Gen anpil avantaj, se konsa tou chaje enkonvenyan. E pami enkonvenyan yo se pral chomaj.
Yon ti konsèy :
Yon moun pa ta dwe panse ke enfòmasyon li yo ap an sekirite a 100% malgre li ta demateryalize yo nan yon bann materyèl k'ap stoke yo pou ou de lwen. Yon sistèm enfòmatik pa janm fyab vre. Pou rezime nan yon grenn fraz : paske ou depann de anpil eleman egzojènn ou pa gen kontwòl sou yo.
@richardlyayiti
Jean-Richardly Pierre