Yon blòg an kreyol ak Richardly

Konsèy whatsapp pou jenn fi ak gason

Se byen malere pou se lè bèf finn pase pou n'ap rele fèmen baryè. Se ak lapenn mwen aprann jan yon jenn fi avili ak koze teknoloji sa. Mwen pa menm chèche gade videyo a pou plizyè rezon e mwen pa chèche konn non li pou plizyè rezon.

images.jpeg

Mwen te gen kèk konsèy pou fi ak gason k'ap voye foto ak videyo. Paske foto ak videyo ka fè wonn monn nan avan yon bat je.

 

Kòm pa gen anyen ki kapab frennen koze voye foto ak videyo pou yon mennaj : men kèk konsèy pou moun k'ap voye ak sa k'ap resevwa.

 

1.- Konsèy pou moun k'ap voye foto ak videyo

 

Si ou nan pozisyon pou ou voye pati entim ou pou yon moun, asire w' ke apre priz foto a pou ou ka retouche l' ak lòt aplikasyon. Eseye koupe vizaj ou. Kidonk, menm si li tonbe nan men enkoni pou ou pa pèdi kredi w'. Asire w' tou ke moun w'ap voye l' bay li an se yon moun ki respekte tèt li e ki gen bon konprann. Si w'ap voye videyo, fè l' yon fason pou tèt ou pa parèt. Jan ti fraz la di nou : Vizaj ou se paspò ou !

 

2.- Konsèy pou moun k'ap resevwa

 

Lè yon moun voye pati entim li pou ou oubyen nenpòt foto ki konpwometan, se paske li fè w' konfyans. Asire w' ke telefòn ou gen sekirite. Nan maketinn gen yon prensip ki di depi w' gen 2 moun ki konnen yon koze, l'ap fasil pou koze a pran lari. Lè w' rele yon bon zanmi w' pou w' pataje yon bagay avè l', lòt la pral rele yon lòt bon zanmi l' pou li di koze a. Kidonk, nou dwe pridan. Respekte yon moun ki fè w' konfyans ak foto l'.

 

Zanmi,nan yon bat je ou ka avili tèt ou ak zouti ke yon telefòn ofri. Mete sekirite sou telefòn ou. Pa kite bagay ki ka antrave w' sou yon kat memwa. Pa vann entimite w' ak moun ou pa fè konfyans.

 

Pridans !

 

Blogè : JRP



27/01/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi