Koman pou yon moun itilize facebook
Daprè kèk rechèch ak eksperyans pa m' sou rezo sosyal sa, mwen fini pa konprann koman pou mwen itilize yon zouti pisan konsa tankou plizyè lòt jenn ki adapte yo fasil ak teknoloji.
N'ap mete pwen sou foto, idantifikasyon,enfòmasyon pèsonèl ak lòt zouti sit la ofri.
1.- ESTATI : Lè w' ap pibliye yon tèks kelkonk, ou ta dwe fè nevèdtan avan ou pibliye lòt tèks. Sinon, ou pral sal fil aktyalite yon moun ki nan lis zanmi w' sitou lè telefòn nan men l' lan pa pisan. Lè sa, ou enève moun lan. Li menm santi l' ta bloke w' sitou si w' pap di anyen serye.
2.- FOTO : E lè w' ap pibliye foto, se toujou menm prensip lan ak sèl diferans pou ou pa prezante twòp foto.Sof si w'ap fè albòm... Enpak la pap menm lè w' ajoute nenpòt 10 foto. Ou fè moun k'ap swiv ou a gen entansyon gade foto yo olye li ta konsantre sou mesaj ki akonpannye foto yo. Kidonk, bat pou ou fè yon grenn foto ki ka reprezante tout lòt foto yo ki konn pa vle di anyen.
3.- IDANTIFIKASYON : Pa idantifye moun nan nenpòt tèks oubyen foto.
4.- ENFÒMASYON PÈSONÈL : E si w' se pwofesyonèl, ou dwe byen ranpli enfòmasyon pèsonèl ou, pa pibliye foto vilgè, pa repete nenpòt bagay paske anpil patwon konn gen entansyon fouye paj facebook ak lòt rezo ou enskri sou yo pou li fè yon lide de ou.
5.- PWOFIL : Pou foto pwofil lan ak foto sou jounal ou menm : ou dwe aprann vann tèt ou pwòp. Anpil kamera pa fè bèl foto. Asire w' avan ou pibliye foto sa pou ou ka retouche l' ak kèk aplikasyon ki disponib sou entènèt. Selon mwen menm, sa parèt lèd lè m'ap gade dan blòk, fèy tòl ak fatra nan yon foto. E souvan ,anpil nan nou pa rann kont de sa.
6.- ZANMI : Ou dwe fòme yon bon rezo. Mete moun ki gen valè nan lis zanmi w'.
7.- KONFIDANSYALITE : E si ou ta vle gade yon ti libète nan moun ki gen dwa jwenn ou sou facebook, nan moun ki ka pibliye sou paj ou ,nan moun ki ka wè lè yo idantifye w' nan yon piblikasyon - ou dwe chanje paramèt konfidansyalite facebook ou ke sit la ofri itilizatè yo pa defo. Sa vle di nou ka chanje l'.
Si m' ta tonbe ekri, tèks sa pa t'ap fini. Men anpil moun jwenn lesansyèl.
Itilize rezo sosyal yo byen pou byen nou.
Blogè : JRP