Yon blòg an kreyol ak Richardly

Rezime fim DRACULA untold 2014

Yon wayòm te atake pa yon lòt wayòm. E yo te mande wa a pou bay tout gason ki gen plis ke 15 zan pou fòme yo pou lagè. Wa a pa te dakò. E pou anpeche yon envazyon nan kontre l'ap dirije a, pou pwoteje tout jenn jan nan wayòm nan : wa a te fè yon pak ak yon vanpi ki vreman pisan e se lè sa bagay yo pral chavire.

images-3.jpeg

Wa a te gen yon popilasyon ki te konte sou li e plis ke tout bagay ki te ka chè pou li, li te gen yon bèl madanm ak yon sèl pitit gason. Pou pwoteje popilasyon an ki te manke solda pou fè fàs ak lènmi an, li te pase yon nuit nan yon gwòt pou yon vanpi te ka mete gwo degre sou li tankou fòs san jenn gason, yon vitès limyè ak kapasite pou pran fòm chòv sourit pou anvayi advèsè li yo.

 

Wa a pou kò l' te rive venk tout twoup ki te atake pèp li jiskaske bri ap kouri ke wa a gen pwen dyab. Menm pwòp pèp li te vle tiye l'. Men li te fè konnen ke si yo vivan se pa paske yo bon pase sa nan maniman zàm men se sakrifis li ak lenvizib ki pèmèt yo la toujou.

 

Pami tout kalite wa a te gen, lanmou pou pèp li, zanmi l' e lanmou li te pote pou madanm li ak eritye twòn nan te vreman fò. E se akoz de sa yo ki fè li vann nanm li e sa pa t' reprezante anyen si li pral pase yon etènite ap toumante nan lanfè.

 

@richardlyayiti

Jean-Richardly Pierre



31/03/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi