Yon blòg an kreyol ak Richardly

Ipokrizi sosyal

Sa fè lontan m'ap apresye kèk piblisite, mizik kanaval ak animatè radyo. Mwen fini pa wè ke anpil moun oubyen antite nan sosyete a plonje nan pwopagann pou atire favè moun ki ka bay yo mwayen pou viv.

images-5.jpeg

E avan nou atake sijè a tout moun dwe konnen ke ipokrizi se karaktè moun k'ap kache yon verite pou di bagay moun anfàs li a vle tande.

 

Si n'ap pran kèk mereng kanaval : anpil atis bezwen gen cha. E yo oblije lage yo nan fè tout vye pwopagann politik, flate travay pouvwa a ap fè oubyen pran risk ak sekirite pèsonèl yo nan di pawòl yo pa panse vre paske tout moun konnen jan politik ann Ayiti ye : Lè w'ap mennen sou pouvwa w' se tou pwofite. Men lè gen kouri tou, fòk ou ranje kò w' lè y'ap bay baton pou w' ka pran pa w'. Kidonk, nou dwe aprann defann lavi nou olye pou nou sove yon moman ( vanite) ki ka mete n' an danje.

 

Se menm jan pou mizik djaz ak animatè radyo. Yo salye nenpòt moun, nenpòt biznis pou jwenn favè. Nan yon entèvyou yo te bay prezidan Martelly an 2006 e ki disponib sou YOUTUBE, kèk Lavalas te ofri chantè a 300 000 dola ameriken pou li te di Viv ARISTID men li di li te refize paske li te afiche byen klè opozisyon l' ak pouvwa an plàs la.

 

Pesonèlman,mwen pa mal jije yo paske ann Ayiti bagay yo di. E se menm paske bagay yo di ki fè anpil moun vinn san pèsonalite e ki mete yo an danje tou.

 

Konsèy pa m' :

 

Pa flate pèsonn ni antite ki pa enspire w' konfyans. Pa gen okenn sitiyasyon ki dous oubyen anmè k'ap dire pou tout tan. Pran pasyans pou w' wè demen. Pa janm viv tankou moun ki pa gen espwa l'ap yon bagay demen.

 

Blogè : JRP



19/01/2015
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi