Yon blòg an kreyol ak Richardly

Ki sektè ki gen mwens risk pou yon moun envèsti

Ekonomi an tèlman ap balanse ke yon etid mache konn pa finn twò fyab vre pou kèk sektè an patikilye. Men kèk sektè ki pa gen gwo risk e ki genyen anpil pwofi pou envestisè.

 

-Imobilye

 

Selon anpil ekonomis e dapre anpil statistik, sektè imobilye a plizoumwen pa gen twòp a pèdi. Sòf si ta gen gwo kriz ekonomik. Sa konn kòz anpil moun ki te fè kredi konn likide imèb yo pou ti monnen.

Depi nan achte kay, teren, repare ak vann kay : anpil antreprenè jwenn satisfaksyon. E anpil antrepriz ki ofri sèvis sa yo konn double fòtinn pwopriyetè antrepriz sa yo. 

Nan sektè sa, li toujou pi fasil pou pwodui yo pran plis valè chak ane ke valè yo ta bese.

 

-Restorasyon ak teknoloji

 

Genyen lòt sektè tankou vann pwodui alimantè an gwo ak lòt machandiz ki pa gate fasil vit. Genyen sektè teknolojik lan tou tankou vann aplikasyon ak lòt sèvis enfòmatik. 

 

Mwen plis mete aksan sou sektè ki pa gen twòp risk san pou otan mwen pa pale de zafè konkirans nan domèn sa yo ki konn chavire koze yo nan men pwopriyetè antrepriz ak sèvis sa yo.

 

Men pou sektè ki gen risk yo menm, mwen t'ap plis aksyante sou biznis ki gen pwodui ki gate vit yo ke mwen pa bezwen site. Men mwen te vle pou tout moun konnen ke sektè ki pi rantab yo se sektè imobliye yo, teknolojik yo ak lòt antrepriz tankou lekòl tou ki se yon sektè ki ajoute nan lis sektè ki rantab e ki plizoumwen pa gen twòp risk. Menm si pa janm gen garanti a 100%.

 

Blogè : JRP



28/01/2015
0 Poster un commentaire