Enfòmasyon ou ta dwe konnen sou blòg sa
Blòg sa kreye nan objektif pou valorize lang kreyòl la.
Nou pale sou tout sijè ki atire atansyon nou e menm pwopoze sijè moun pa ta panse.
Administratè blòg sa se yon jenn aspiran enjenyè enfòmatik, yon powèt, yon vrè pitit tè peyi Ayiti ke paran l' aprann renmen.
Apre anpil tan n'ap pibliye sou facebook, nou deside kreye blòg sa pou tout moun, zanmi kou etranje pou fè konesans ak enspirasyon nou, lang kreyòl la ak vizyon nou karese pou kreyòl la pran plàs li nan tout enstitisyon peyi a. Paske nanpwen pi bèl lang ke lang manman nou pale.
Si w' pase sou blòg la, pa bliye renmen paj la sou facebook pou nou toujou rete konekte.
====================
Facebook/ Jean-Richardly Pierre
Facebook/ Kout kreyon madichon
Twitter/ richardlyayiti
WhatsApp/ 50931119750