Yon blòg an kreyol ak Richardly

Don Kato : Yon lòt frèt kach

Pandan 10 dènye ane sa yo, yon sèl chantè ou dimwens yon sèl gwoup rete konstan ak tèt pa li nan zafè kanaval dapre Jan Mona ki se yon jounalis nan Radyo Karayib : anpalan de bèl melodi ki byen chita ak bèl pawòl san bliye konviksyon mesye djrèd la. Anpil gwoup konn fè bèl travay sou kout chans men "Brothers Posse" ak Don K-To se yon modèl pou tout jenn atis swiv.

images-4.jpeg

Don K-To te toujou popilè, men depi lè tèt kale te refize bay yo cha apre mereng "Style" a : sa vinn koz Atis la vinn pi angaje sou tèm l'ap debat nan kanaval li yo. E mereng li yo tounen yon frèt kach nan dèyè pouvwa an plàs la.

 

Apre " Aloral " ki te mache byen ak " Cho cho nèt " , ane sa atis la ak ekip li lage" Bon bò" ki charye revandikasyon màs popilè yo ak dekri fason pouvwa an plàs la pran ti pèp la nan pa konprann. Si n'ap pran 2 grenn fraz kote chantè a ap pale ak ansyen minis Lamòt la. Li chante konsa : " Gagòt antre tankou yon sovè, gad kijan l'ale tankou yon blofè. " E pou prezidan an menm, se konsa an plis de ti jouman pa si pa la sou mizik lan ak vwa Rigolo k'ap imite prezidan an : " Aloufa antre tankou yon ewo, gade l' pral sòti tankou yon zero"...

 

Epi m'ap kite nou ak ti refren ke mwen santi ki pral mache ase byen nan bouch fanatik gwoup la e menm apre peryòd kannaval la tankou sa toujou fèt : 

 

=refren =

 

Manman mwen'

Papa mwen

Manman mwen

N'ap di yo babay

Nèg sa yo fè flay

(flay flay !)

Plim nan yo lejè tankou pay

(pay pay !)

 

-bis-

Manman mwen

[…]

 

Blogè : JRP



30/01/2015
0 Poster un commentaire