Yon blòg an kreyol ak Richardly

Desten pa gen koulè

Desten pa gen koulè

 

-I-

A tout moun ki panse w antὸ, ou p’ ap janm anyen

F’on jan  pou w’ pa charye dlo ankὸ nan gran panyen

Si yo ta di w syèl la gen pou chanje koulè nan yon flannen

Tchuipe yo,dife lanfè pa jwe ankὸ, yo gen pou kankannen

 

10891773_830003147056475_3927551304820478289_n.jpg

-II-

 

Tout sa ki anwo ti janjan toujou menm jan ak sa ki anba

Tout sa ki deside anwo ti pantan  te gentan deside anba

Desten pa gen koulè menm si pa w la ta ba w koulè manba

Travay chak jou ti frè,yon jan pouw pa danse sou lè ganga

 

-III-

 

Kouman w t’ap santi w si nan yon klas yo ta trete w  de petawὸt

Oubyen y’ap  fèw grimas  paske tout sa w manyen se  ta gagὸt

Pa swiv chimen ki trase pou chanje lavi w’ menm si se ta ka zὸt

Travay san relach  ap  pèmèt ou sèvi tout medizan de twa kalὸt

-IV-

 

Pa okipe malpalan ki di w pap rive,pouvwa lespri w’ ekstraὸdinè

Konstriksyon yon palè dwe mize,flè woz pa konpare ak flè ὸdinè

Lè w soti anba pou w monte anwo, ou tankou yon bèl Limyè

Pa okipe sa k’ap di pa gen plas ankὸ paske syèl la se sèl lizyè

 

-V-

 

Sispann chante malè w’ nan jou ki pa dous yo, se abominasyon

Lè w tonbe ou leve san plenyen  pa gen pi bèl amonizasyon

Pa okipe gran goj, barik vid pa konn fe bri  sinon se valorizasyon

Lè w gade silans pami swadizan konesè ,se pa devalorizasyon

 

-VI-

 

                        -  Facebook : Jean-Richardly PIERRE, poète

                         - Website : www.richardlyayiti.blog4ever.com

                            - Contact: (509) 3111- 97 50

 

 

 

 

 

 

 



01/06/2015
0 Poster un commentaire